Yon ti sekirite souple
Yon ti sekirite souple
Rakonte nou sa kap fet mouche
E pou ki sa dyol ou rete mare
Na gen tan pale de plan ou genyen pou peyi-a
Ensekirite se pi gwo pwoblem koulye-a
Papa bon ke di nou si-w gen ke sote
Rakonte sak fe ou pe atake move je
E pi sa wap fe pou pwoblem elektrisite
Vle pa vle ou se prezidan nou tout
Asasaen pa ka dikte-w sa pou-w fe - Ale yo tout lavout
Lakay se lakay men mouche titid paka tounen.
Li se pi gwo zenglen
Pi ga ou gade deye. Moute Kansan-w douvan
Ranmase karakte-w pou-w pouse ayiti an avan
Enpasyans fin anvayi lespwa toupatou
Zenglendo fe moun abiye kou moun fou
Izabel pe fe kol bel pou yo pa kidnape-l
Danyela, andidan kay li pedi vijinite-l
Anba je paran-l. Depi le sa-a moun yo ap krache san
Nou pa bet. Nou te mete-w pou-w kraze mechan.
Anbake peyi-a sou wout devlopman
Yo met di say o vle, men fe travay ou fout
Iskaryot te trayi Jezi, men pi ga-w trayi nou boubout
Ti moun yo ap soufri, grangou lan vant pa dous
Istwa ap jije-w si-w rete-l sou kous
Tanpri prezidan fe yon bagay pou peyi-w, pou fyete-w
On ti sekirite se sa nou mande pou-n ka vin ede-w
Men anpil, chay pa lou se vre, men lonje la men pa-w
Anpil ap soti tou patou vin koure bouda-w
Yon ti sekirite souple
The topic is: The president of all
This is a reply to Msg 806
Posted by Ayisyen Patriyot on December 9 2006 at 7:30 AM
Responses
Yon ti sekirite souple Rakonte nou sa kap fet mouche E pou ki sa dyol ou rete mare Na gen tan pale de plan ou genyen pou peyi-a Ensekirite se pi more »
Mwen remake peyi Preval vizite plis se Kiba, ke-l bezwen swen medikal ou byen patisipe lan yon evenman kelkonk. Men pou ki sa-l pa vin more »