Joubert is trying to kill Stanley Lucas a passionate Haitian...
Carmelle Maznod says...
Joubert is trying to kill Stanley Lucas a passionate Haitian democratic activists.
Lucas is responsible for the failure of the undemocratic agenda of Preval, Aristide, the drug dealers and the Haitian corrupt business cartel groupe de bourdon.
Lucas is hated by them and Duvalier's cartel because he is calling for accountability, transparency and good governance.
In order to discredit Stanley Lucas Joubert and his friends that are upset launched a well financed character assassination campaign against him.
Neg sa yo rayi Stanley Lucas paske misye bloke ajanda antidemokratik e kraze zo Aristide, Preval, dwog dile ak gwoup de boudon.
Yo rayi Stanley Lucas paske misye mande jije Aristide, Preval, Duvalier ak tout lo vole yo. Joubert ak zanmi li yo ap chache mwayen pou diskredite Stanley Lucas ki se yon moun serye kap goumen demokrasi.
Pou diskredite Stanley Lucas, Joubert ak zanmi li yo deklare ke Lucas se CIA, Lucas ap voye monte, Lucas se ekstremis.
Ala kote ou tande tenten mezanmi.
Kiles ke yo rele ekstremis an Ayiti?
Reyaksyone yo, fos antichanjman kap pwoteje koripsyon toujou kache deye fonom pou atake moun kap chache chanjman.
Yo toujou rele moun tankou Stanley Lucas kap goumen pou chanjman ekstremis, leu moun sa yo ap pale verite yo di ke yap voye monte
Leu yo vle elimine moun onet, moun de byen an Ayiti yo rele yo ekstremis.
Leu moun de byen, leu moun onet ap pale verite sou koripsyon, sou saki pasa yo di ke yap voye monte
Kimoun ke yo rele ekstremis nan peyi Dayiti?
kimoun ke yo di kap voye monte?
1. Si wap analize jan politisyen ki sou pouvwa a ap vole e gaspiye lajan leta wap voye monte
2. Si on prezidan ak patizan li ap touye moun, boule moun, boule kay moun, ou denonse sa epi ou kampe anfas li pou ou di non, yo rele ou ekstremis
3. Si on prezidan ap vole lajan leta, lajan ti pwoje laprezidans, lajan teleko, lajan LONA, lajan pep la ki andedan biwo leta yo, si on senate a pran lajan travaye nan lona ou ap vote rezolisyon SOCABAK nan fenwa, e si ou deside kombat koripsyon e kampe anfas move zafe yo rele ou ekstremis.
4. Si yon prezidan ap kraze enstitisyon leta, vann enstitisyon leta ki rapote lajan bay zanmi yo pou degouden, si ou deside konbat koripsyon sa, ou se on ekstremis
5. Si yon prezidan mete ambago sou peyil an 1992, mande okipasyon solda meriken an 1994, mande okipasyon solda Nasyonzini an 1995 (MINUHA) e vyole konstitisyon 1987 la, si ou pale desa ou se yon ekstremis
6. Si yon prezidan ak pati li ap vole eleksyon nan chanje rezilta ak KEP ke yo kontwole e ou deside ke wap kombat zak ilegal sa yo rele ou se on ekstremis.
7. Depi wap goumen pou demokrasi, lajistis, tranparans, depi wap goumen pou on sosyete nomal kote manman lwa peyi a respekte, yo rele ou ekstremis
8. Depi ou pa Lavalas, ou pa INITE, ou pa gwoup de boudon, depi ou pa sosye moun sa yo, depi ou pa nan rezolisyon sokabank nan fenwa, ou pa nan kokayine Tibiron, ou pa nan kokayine Port-de-Paix, depi ou pa genyen zanno kay ofev kidonk ou pa nan gwoup kowompi sa yo, yo rele ou ekstremis.
9. Mwen envite nou komplete lis la...
Majorite moun onet ki pa nan bagay sa yo e ki desisde ke fok yo goumen kont sistem pouri sa, yo rele ou ekstremis, yo di ke ou nan CIA, e leu wap pale verite yo di wap voye monte.Nou pap pran nan taktik sa yo.
The topic is: Stanley Lucas Is A CIA Agent And A Sold Out Haitian
This is a reply to Msg 27757
Posted by Carmelle Maznod on April 11 2011 at 10:47 AM