Sa ki enpotan an, se Ayiti ki dwe soti gayan. Fok nou soti nan...
Tijas says...
Sa ki enpotan an, se Ayiti ki dwe soti gayan.
Fok nou soti nan mantalite ki fe nou konsidere peyi-a kon yon gato kote ke se pi violan yo ki arive pran ti moso ladan li, padan ke majorite ayisyen ki respekte tet yo ap soufri de konpotman yon minorite paske yo pa kafe nenpot ki bagay.
Demomokrasi dwe chita sou prensip ki etabli.
Konstitisyon peyi a kle sou ki sa ki dwe fèt 7 fevriye.
Fok nou respkte konstitisyon an. Tout lwa peyi a ki pa an amoni ak konstitisyon an dwe nil paske se li ki lwa prensipal la.
Mennmsi nou pa ka aplike konstitisyon-an kom sa dwa akoz okipasyon nap sibi aktielman, nou dwe fè efo pou aplike sa ki aplikab ladan l. Lè nou pa respekte lwa peyi nou, nou pa ka mande etranje respekte nou. Se sak yo pa pran nou pou moun ki nomal.
Respekte lwa peyi nou; respekte sitwayen peyi nou; enpi nap wè etranje a ap respekte nou. Yo pap gen okazyon pou vini enpoze nou sa ke yo menm yo pap janm aksepte nan peyi yo. Viv Ayiti.
The topic is: BAYE SAW PANSE
This is a reply to Msg 26034
Posted by Tijas on January 29 2011 at 6:53 AM