Se akoz de Bill Clinton ki ap fe demach pou van peyi Dayiti...
Pierre I. Guillaume says...
Se akoz de Bill Clinton ki ap fe demach pou van peyi Dayiti bay envestise etrange.
Men li paka fe sa si Konstitisyon Ayiti a pa chanje.
Se akoz youn ban diaspora embesil ki sot Ayiti tou sot, e ki rete tou sot nan peyi blan, ki panse si Ayiti vini youn teritwa ameriken, yo ap vini pi bon. Yo bliye ke menm le yo natiralize ameriken, blan pa janm ba yo tout pwivilej Ameriken natif natal genyen.
Ayisyen natiralize sa yo ap viv ak youn remo nan ke yo paske, yo fin renonse nasyonalite peyi yo, pa ka vin anyen an Ayiti, e blan pa ba yo pyes pouvwa lakay li.
Ayisyen ki natiralize Ameriken vin rann yo kont ke yo pa gen peyi: yo jete peyi pa yo Ayiti e blan bayo selman youn ki kras dwa politik o Zeta Zini.
Ayisyen diaspora san konsians sa yo bliye ke Ameriken te eseye okipe Ayiti plizye fwa deja. Sa pat mache lontan, sa pap janm mache.
Se pou Paleman Ayisyen-an sere boulon envestisman etrange yo, ki beswen vin piye Ayiti Cheri nou an.
Si ou te renose peyi Dayiti, enben rete kote ki bon pou ou! Retire jol sal-ou sou ti Ayiti Cheri nou, paske gen anpil Ayisyen ki shwazi pou pa jan renose peyi yo, men le lavi-a di pou yo an fanmi yo!
The topic is: Haiti to become American Territory
This is a reply to Msg 15424
Posted by Pierre I. Guillaume on August 14 2009 at 7:27 PM