Lide pou yo ogmante ministè yo, se yon bagay kipa bon...

< Previous | Home | Next >

Reply to Msg 9476

Lide pou yo ogmante ministè yo, se yon bagay kipa bon ditou lè nou konsidere kantite lajan you ministè koute peyi-a, aloske lajan sa-a te kap itilize pou relanse agrikilti nan peyi-a. Premye Minis la ak Prezidan ta dwe okontrè, analize kontribityon chak ministè nan devlopman peyi-a pandan yap konpare kontribisyon yo ak lajan yo koute peyi-a, e pran mezi pou élimine sèten nan yo si nesesè.

Moman peyi-a ap viv konniè-a mande pou dirijan yo fè yon jesyon rationèl ak resous finansyè ke peyi-a dispoze.

Nou pa kap mande charite pou nap depanse ninpot koman.

Se pa serye.

Olye nap kreye ministès pou pov pandan pov pap travay, ankadre pov peyisan
atravè ministè agrikilti pou yo kap travay latè.

Se sèl fason nou kap rive konbat povrete nan peyi-a. Sinon nan ane kap vini yo pèp ayisyen apral pi grangou.

Sa ke-m di la, mwen kap bay kèk egzanp: Nan dépatman Nodès (nan plèn Maribarou: Ferrier ak Ouanaminthe) gen anviron 25 de sa, li tap trè difisil pou ou ta jwenn yo moso tè ki pa gen swa diri, mayi, pistach, kann, patat, etc sou li. Nan moman map ekri la-a, an majè pati, tè sa yo pa kiltive.

Sepandan popilasyon pa sispann ogmante.

Koman nou kap konbat povrete nan yon sityasyon
parèy?

Si mwen pale de Maribarou, se paske se la ke mwen soti. Se yon zonn ke-m konnen.

Men mwen kwè ke se pa sèlman zonn sa-a ki gen pwoblèm sa yo.

Ti Jas, July 7 2008, 11:58 PM

Topic: Me youn plan devlopman dirab pou Ayiti

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >

 

Messages in this topic

Lide pou yo ogmante ministe yo, se yon bagay kipa bon ditou le nou konsidere kantite lajan you ministe koute peyi-a... read more >
Ti Jas, 7-Jul-08 11:58 pm
Mesi anpil Ti Jas pou repons ou, paske ou we lOt fason pou konbat LA PAUVRETE.Men nou dwe konprann ke povrete ayisien... read more >
Jean-marie Leroy, 8-Jul-08 7:19 am
Hi TiJas Mwen tounen ankO sou zafe kreyasyon lOt srtucture pou jere pwoblem koryas ki chita an Ayiti depi digdantan.Si... read more >
Jean-marie Leroy, 8-Jul-08 11:44 pm
Jean-Marie, Mwen byen kontan li mesaj ou an. Mwen se yon pitit peyzan. M-pa santi mwen alez pou-m idantifie mwen kom... read more >
Ti Jas, 20-Jul-08 4:50 pm
MWEN sanpousan pou ankadreman peyizan yo ak ed teknik.Nou dwe bayo te yo tou pou yo travay - PAS DE PAYSAN SANS TERRE... read more >
Jean-marie Leroy, 30-Jul-08 3:47 pm

 

< Previous | Home | Next >