Kolabore ak ayisyen ki genyen doub nasyonalite

< Previous | Home | Next >

Yon bagay pou prezidan an ta fè nan moman sa, se ta louvri pòt pou tout etranje ki genyen natiralizasyon peyi lap viv pou li ta kapab antre pou li ede peyi a. Si se pa sa avek estrikte ki genyen an Ayiti a lap difisil pou peyi a pran yon lòt imaj. Prezidan an pa dwe bliye ke mwatye popilasyion ayisyèn an kap viv an Ayiti yo rive sobrevive gras ak transfè ke fanmi yo lòtbò dlo ap fè pou yo. Alò, ou pa dwe vire do ou ba yo konsa, se pote kole avèk yo ke Ayiti ap kapab chanje.

Depi lavèy eleksyion an ou te di ou ta pral pote kole avèk yo pou devlopman an Ayiti, men ou pa fè li. Mwen genyen setitid si ou te fè sa deja pa ta genyen insekirite sa a nan peyi. Alò se poutet sa map di ou ke li pa trò ta pou realize yon zafè si inpòtan konsa.

Alò 2007 la pral antre la se a ou menm, si ou vle chanje peyi pou fè akò sa, kounye a si ou pa fè li, sa pral montre trè klè ke ou pa renmen peyi Dayiti.

Sonje byen ke moun sa yo ki deside natiralize yo, se pa paske yo pa renmen Ayiti, men wi paske yo vle yon lavi miyò lòt bò.

Genyen anpil entèlektyel kap viv lòt bò, tanpri pa kite okazyon sa a pase, se a nou tout jodi a peyi a ka change.

Si ou ta rive fè sa pou nou ayisyen, se yon pi gwo kado ou ta ka banou.

Herby Cribb, December 24 2006, 1:38 PM

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >

 

Messages in this topic

your idea is a good one my friend, but i truly believe, we; out side of Haiti don't need to wait for a miracle to... read more >
G, 24-Dec-06 9:36 pm
your idea is a good one my friend, but i truly believe, we; out side of Haiti don't need to wait for a miracle to... read more >
G, 24-Dec-06 9:38 pm
your idea is a good one my friend, but i truly believe, we; out side of Haiti don't need to wait for a miracle to... read more >
G, 24-Dec-06 9:38 pm

 

< Previous | Home | Next >