sur la situation de notre cher pays

< Previous | Home | Next >

Bien cher president:
Fok mwen di-w mwen pa yon lavalasyen, ni mwen pat jan-m renmen politik lavalas la.
Sepandan mwen te toujou kwe ou men-m pesonelman ou se yon non-m daksyon.

Lè ou pale, ou di, e ou fè.

Ou pat tankou sila yo kap tire kont timtim bwa sèch yo.
E mwen gen prev sou sa mwen di la-a. Sitou lè ou te premye minis, mwen te fe pati yon oganizasyon sendikal nou te toujou konpran-n ou e sak fè mwen men-m pèsonèlman mwen te ba-w anpil kredi.

Di Nou koulye-a ki jan wap fè pou remete nou an konfyans anko, apati de tout sa kap pase nan peyi-a avek kesyon kidnapi-n sa-a.
sa ke nou konstate kidnapè yo yo nan manifestasyon;yo nan radio, televizyon.

se yo kap komande;yop di yap touye yo touye e pèson-n pa di yo an-yen. di nou sa kap fèt?

Mwen pwofite pou-m di-w bo-n chans e bo-n fèt. Ke Bondye beni-w! map tan-n repons ou.

Germain, December 19 2006, 9:20 PM

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >