Devlopman Haiti

< Previous | Home | Next >

Bonjou Mr. President,

Sa mewn wè m' te ka di sou kesyon Devlopman Haiti, se ke pou gen yon bon devlopman nan peyi a n'ap bezwen twa (3) bagay prensipal:
1) Yon politik kote ke lidè yo wè Haiti AVAN tout lòt nasyon, Paske dirije yon nasyon se tankou ou t'ap jwe echèk, lè yon lòt peyi propoze ou yon bagay se pou ou gade sou ki pwen li pral' itil peyi a e sou ki pwen li pral' yon dezavantaj pou li. Si avantaj pi fèb ke dezavantaj ou sipoze otomatikman rechte sa yo pote bay la.

2)Rout; Li poko janm' tro ta pou Haiti gen gro "High Way" tankou Usa, se pou nou fè rout an Haiti tankou venn nan kò nou. Rezon ki fè nou pa janm' ranplase kòb ke nou envesti nan fè rout an Haiti, se paske nou fè pèp la kado tròp. Prezidan mwen ba ou garanti si ou fè gro rout byen laj ki ale nan chak depatman e ke gen nèf "High Way" yonn pou chak, kote ke manm konpayi TPTC ta ap ranmase TAKS nan men chak chofè k'ap antre oubyen k'ap soti nan yon depatman, non sèlman ou t'ap ranplase kòb la e nou t'ap jwenn poun' fè lòt (Elaji rout malpas).

Olye ke etazini ap prete nou kòb, mande yo pou yo bati yon rout tren pou nou ki ap pase nan "au moin" de (2) depatman peyi a kote ke nou ka sèvi ak benefis yo pou nou peye yo. Ankò mwen vle pou nou ka genyen PON ki relye lil yo ( La Gonâve, La Tortue, l'île à vache), si nou ka fè "au moin " de (2) nan plan sa yo l'ap bon, ni pou pwodisyon nasyonal la e ekonomi peyi a.

3) Ekonomi ki fò: Nou sipoze fè yon jan pou nou ka fè leta konnen tout moun k'ap viv andedan peyi a, pou sa ka vin pi fasil pou leta kapab ranmase taks nan men chak moun k'ap travay, e lòt sa ki gen gro antrepiz, konpayi etc...Tout sa ki nan dezyèm rezon an ap bon anpil pou ekonomi nou.

NB..

Li lè pou nou gen fyète nou ankò e mwen vle pou ou ka kòmanse l' ou menm, paske li toujou bon lè yon prezidan kite NON li ap site pozitivman nan ISTWA yon peyi.

Macken, May 24 2008, 3:26 PM

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >