Preval al Kiba

< Previous | Home | Next >

Reply to Msg 809

Mwen remake peyi Preval vizite plis se Kiba, ke-l bezwen swen medikal ou byen patisipe lan yon evenman kelkonk.

Men pou ki sa-l pa vin Ozetazini tou, ou byen Kanada?.

NOU konnen Kiba ba-n bel bourad ak tout bon dokte yo voye al bay swen lan peyi nou. Men lajan-an se lan dyaspora li ye.
Menm le misye te vin-n lan Kongre loni-an, li ta fon ti chape al pale a moun ki ka ede-l tout bon, ayisyen kap viv a letranje yo.
- No-w li gen le pe pou dyaspora pa poze-l kesyon two difisil tankou "ki le titid ap tounen?"
Men misye pa bezwen pe. Just be honest and say:" hey, m'pa ka fe misye tounen, se pa mwen te voye-l kote-l ye-a" epi LA PE.

Men Pale avek nou fout. Nou ka ede-w. Lan konbyen milyon ayisyen kap viv lotbo dlo yo, si chak bay 10 dola pa mwa. Sa fe yon paket.

Epi gen anpil lot bourad nou ka bay, sitou bourad teknik.

Men pale ave nou si-w bezwen nou.
Premyeman fok ou kraze ENSEKIRITE.

KRAZE ZENGLENDO YO. TETELANG LAN TA DWE FINI KOUNYE-A. KALE DADA KOCHON YO SAN PASPOUKI KEL GEN PO WOUJ OU PO NWE. TOUT ZENGLEN SE TENTEN KOCHON MANJE-D TCHENTCHEN.

Pale Preval.

Lonje la men-w pou-n ka lonje pa-n.

Ayisyen Patriyot, December 10 2006, 8:05 AM

Topic: The president of all

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >

 

Messages in this topic

Mwen remake peyi Preval vizite plis se Kiba, ke-l bezwen swen medikal ou byen patisipe lan yon evenman kelkonk. Men... read more >
Ayisyen Patriyot, 10-Dec-06 8:05 am

 

< Previous | Home | Next >