Lapriye se kle

< Previous | Home | Next >

Mouin rinmin ou anpil kom yon Ayisyin ki serie ki pa vole. Map kontinye lapriye pou ou jouk mayi mi. Ayiti pa manke moun save deyo kom anndan peyi-a, nan anpil branch.

epi gin anpil nan yo zafe yo bon. Pou ki sa ou pa lanse yon operasyon"Bon Ayisyin"; Operasyon sa-a kapab gin 2 faz:1) 7 jounin jen ak lapriye nan potoprins ak nan tout provins nou yo; epi ankourajman pou nou dekrete pemanans nan zafe lapriye pou Ayiti anndan kom deyo peyi-a(PASKE PROBLEM AYITI 90% ESPIRITIEL, LOT 10% POU TOUT LOT PROBLEM YO) Si siel pa bay anba pa ka jouinn!Pep Ayisyin bezouin JEZU pi mal pase te sek kap tann lapli; epi bagay sa-a doue fet an piblik pou nou tout Ayisyin REJETE, sispann sevi zidol, pou nou repanti, aksepte JEZU kom SOVE ak SEYE nou devan lezom, devan lezanj; le sa-a PAPA BONDIE nan siel la va kase chinn madichon, piyon, giyon sa-a ki te makonnin nou depi tann siek sa-a.
Deziem faz la 2)Se pou ta mete sou pie yon komisyon ki gin 3 pesonaj ke moun anndan kom deyo peyi-a fe konfians, ki pa vole. Travay yo se mande, ranmase lajan nan tout rakouin lemonn nan min tout Ayisyin zafe yo bon; Yon posyon va sevi pou ed rapid pou touye grangou.

Lot posyon an pou investi nan Agrikilti, kreyasyon diob, prodi nasyonal.

Mesi ak anpil respe, Paste Patrick Pierre

Rev. Patrick Pierre, April 17 2008, 11:53 PM

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >