criz lavi chè en Ayiti a

< Previous | Home | Next >

Mwen panse lavi che a se tout kote li ye nan le mond preske.

Sa se yon reyalite.Men fok nou konnen ke Ayiti te toujou gen lavi che a la dan l'.mwen kwe fok nou chache rezoud problem yo. Tout pap janm fin resoud yon sel kou men nou resoud yo pititi.

Kounye se nou menm ki pi pov dan le monde.

mwen kwe li pa yon bel imaj pou nou, ayisyen kit ou te boujwa, entelektyel, depi yo di ayisyen gen laraj tankou bet pou manje, mwen kwe se tout pale.

sa ke nou dwe fe pou yo sispann projte nou kom moun ki led dan le monde ki ve di moun ki pi pov. gen yon bagay nou ka fe. poukisa nou pa investi nan late. tout gouvenman serye ki vle ba pep li manje, premye bagay li fe se nan te a li investi.

poukisa tout net nou yo la. se pou nou lanse kanpay prodiksyon nasyonal la. le sa na we ki rezilta lap bay.

le fini tou, li pa posib pou yon kapital peyi nan kondisyon sa. nou denye syek la. nou dye fe yon efo pou nou soti nan deye kabyonet.

mwen panse nou pa menm nan deye li. nou ate a toujou nap bwate pou nou we si nou ta ka rive nan bouda a.
nou ka fe Port-au- Prince tounen youn nan pi bel capital nan le monde.

li pa enposib.

Yon ti bagay tou piti ke konstitisyon di nou fe nou beswen aplike ki se desantralizasyon.

Port- au_Prince tro konsantre mezanmi.

tout moun kite zon riral e yo vin etab li yo nan yon kapital pap reghle anyen.

tout te yo rete ap gaspiye pa gen moun ki pou travay yo. mwen ka konprann ke gen yon mank de ankadreman pou ti peyi zan yo. men yo pa dwe abandone te a. tout bagay rete chita la nan port au prince.

se kom si se sel li ki Ayiti.

sa se yon bagay nou dwe chanje anvan si nou vle prospere.

gen anpil bagay mwen ta di men fok mwen ale. mwen ta swete presidan Preval ta fe tout mwen posib li pou li nome yon premye minis konpetan pou ranpli dyob sa.

Floppely, April 15 2008, 1:23 PM

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >