Dieujuste: Preval te ale banboche nan KIBA.

< Previous | Home | Next >

Reply to Msg 742

Mon chè Dieujuste Prezidan Preval ou renmen anpil la deja bay prèv li se yon inkapab.

Li te premye minis, Aristid te oblije voye li ale.Li pat kapab fè peyi ya demare.

Aristid te menm di: li pat janm wè yon nèg sòt kon sa. Se nèg egare sa a ke yo bay dirije peyi ya aprè presyon ke teroris nan site solèy, sou bèlè, site katon, site de dye, matissan, fontamara, lame ti manchèt te bay Pèp la avèk kèp la pou pat gen dezièm tou. Dieujuste ou sonje jan vagabon chimè te anvayi lakou otèl ki sou boudon an pou al chèche manb kèp la pou yo te ka bay yo sa yo merite.

Ou byen konnen map pale de pè lebren.

Pa vre.E byen
jodi-a fò chimè yo tire lajan ke yo te depanse pou Preval.

Jwèt la se banm, ma ba ou. Yo di yo tap travay nan leta sou papa yo Aristide, Jodi-a yo pap travay fò Preval kite yo chèche lajan jan yo konnen.

Dieujuste ou se yon nèg lespri, ou ka sèlman pa konpran sa kap pase jodi-a. Fè je ou klè: yap kidnape fanm, jèn fi, pè (pè tout bon), ti moun; yo touye ti jèn fi ventan an ( li te kapab sè ou), yo touye ti gason sizan an. yo pranl pòtoprens yal lake kadav la Okap. (li te kapab) pitit pa ou. SA PREVAL FE: LI MONTE AVYON, LI ALE BANBOCHE AVEK KASTRO NAN KIBA. Pandan pèp Ayisyen an nan lapèn, ak dlo nan je, ak antere kadav sou plas, PREVAL TAP BWE TAFIA NAN KIBA>
Dieujuste men pou prezidan wap fè sousou-a tande.

Trebu Patriote, December 3 2006, 2:41 AM

Topic: KONSENAN ZAFE ENSEKIRITE

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >

 

Messages in this topic

Prezidan se Dieujuste mwen resalye-ou ban-m yon titan pou-m voye 2 ti proveb selman pou tribu patripoch proveb... read more >
Dieujuste, 2-Dec-06 7:08 pm
Mon che Dieujuste Prezidan Preval ou renmen anpil la deja bay prev li se yon inkapab. Li te premye minis, Aristid te... read more >
Trebu Patriote, 3-Dec-06 2:41 am
Get a life tafiate,how are you feeling?Did you have your medication? read more >
Binbin, 3-Dec-06 11:12 am

 

< Previous | Home | Next >