Yon ti pawol

< Previous | Home | Next >

Jodi a si pep la pran lari fok ou di se ou ki lakoz, mwen konnen li pa fasil pou yon chef bay rezilta sitou nan yon konjonkti tankou sa nap viv laa, men ou bliye ke kominikasyon san politik ka rezoud yon paket traka, pep la ba w gere ou pa bal rapo, li di li grangou, ou pa ba l repons, mwen konnen ou pa gen mwayen ba l manje men se yon pep santimantal, li renmen santi yap pran ka-l.
Pa tann ou ka fe gwo men komanse nan piti yo:

Bay majistra yo jwe rol yo paske pli gen mounn ki responsab se mwens ou gen traka, tou pandan wap veye sak pa dwat yo

Defini travay KASEK ASEK DV yo epi mete yo o travay

Bay pep la yon rapo chak mwa sou nivo pwoje yo

Kreye yon forom Prezidan an ap reponn menn si se chak 3 mwa

Pran yon chans nan zafe agrikilti a men pa fe l pou kont ou rele tout moun

Montre pep la ousansib pou li, rele sekte prive pale ave l pa toupizi l paske se pep la li fe peye raj la

Se vre nou nan yon mache lib men sa pa vle di san kontrolEsplike moun yo si ou diminye taks la men rezilta yo paske pep la pa fe gwo etid nou bliye sa tro souvan

Epi chèche mwayen pou w tande sa yo pa vinn di w yo paske antouraj chef bay trop manti, nan konsa chef toujou ap pantan sou bonm

An touka se pa yon reset majik men m panse la pawol ka rezoud anpil pwoblem Ekselans
Ou gen chans mete peyi saa sou ray fe tout sa ki dwe fet pou w tounen yo mandela pa bo isit

Kenbe di pa moli

Fritz

Jean Fritz Jean Louis, April 9 2008, 7:54 AM

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >