Ayiti bezwen: mwen ou nou pran konsyans

< Previous | Home | Next >

Se tan pou nou pran konsyans de eta nou, tan pou nou reflechi e poze tet nou keksyon sa: ki moun ki ka retire nou nan sa nou ye la?

Si yo ta poze m' yon keksyon parey m' t'ap di pa gen moun si non nou menm ayisyen paske pwoblem ayiti a se nou ke li konsene, nou bezwen pran konsyans paske gen espwa pou nou si nou kolabore si nou gen yon plan nasyonal pou benefis peyi a kote nou bezwen entegrasyon tout moun san distenksyon, protestan, catolik, vodouyizan, peyizan ak tout ayisyen ki konsene e ki konsyan de bezwen nou, nan yon peyi kote ki pa gen sekirite pou moun k'ap bay sekirite a, pep la grangou san li pa gen pyes espwa, n'ap rele nou pa ka jwenn sekou, nou tout ap panse ki sa nou pral fe demen paske koripsyon, violans, mize, moun pa san konpetans ni etik andan gouvenman yo pa kite nou grandi tankou tout lot nasyon, an nou pran konsyans an nou panse yon lot jan pou demen ka bel pou lot sa yo k'ap vini deye'n yo ka gen espwa menm si nou menm jodia nou desespere men an nou prepare teren an pou lot k'ap vini yo. An nou tout mete men nou, sitou ou menm ki reprezante lakay ou nan palman andedan peyi a. Mwen voye yon yi souri pou tout timoun sitou pou sa yo ki nan lari a, san espwa, ak lavi yo gache paske yo pa gen akse a "l'education".

Wilvens Jacques, April 5 2008, 5:22 AM

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >