Preval se mt insekirite ya.

< Previous | Home | Next >

Reply to Msg 665

samba boukman, amaral, general ti toutou pa ansyen militè; se chimè yo ye, se lavalassyen yo ye. Gang nan matissan, nan cite solèy, nan ti boua, nan fontamara, lame timanchèt se chimè lavalassyen.

Se Preval avèk Aristide ki mete yo sou moun, ki bay yo lajan, ki bay yo zam fan fwa pou yo touye, dechèpiye pèp la. Se konsa pou yo ka toujou rete sou pouvoua.

Wap mande lougarou poul sispan manje moun aloske fòl manje moun poul rete vivan.Wou mande pou preval bay sekirite alòske se li ki mèt insekirite ya. Se pou li moun yo ap travay.Gang yo te ba li lajan pou li fèeleksyon.

Si se pat sa li ta fè yon bagay, Li gen lapòlis lan men'l, li gen minista avèk li. Mario Andresol( chèf polis la) vle ede'l. Edmond Mullet( chèf minista) vle ede'l. Sa kap pase la atò: problèm nan se nan preval avèk frè marassa li ya ki nan peyi afrik di sid kap simaye la terè.

Monchè mwen wè ou pa konpran anyen nan sitiyasion an; wap lonje dwèt ou sou moun ki pa nan anyen:(onj, lidè politik, ansyen militè).

Pa betize avèk moun tande.

Ou konnen byen kote bagay yo sòti. Se ou men ki pa vle bagay yo chanje lè wap di sa ki pa sa. Sispan voye ròch sou mango mi.

Trebu Patriote, November 27 2006, 8:07 PM

Topic: KONSENAN ZAFE ENSEKIRITE

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >

 

Messages in this topic

samba boukman, amaral, general ti toutou pa ansyen milite; se chime yo ye, se lavalassyen yo ye. Gang nan matissan... read more >
Trebu Patriote, 27-Nov-06 8:07 pm
Prezidan se Dieujuste mwen resalye-ou ban-m yon titan pou-m voye 2 ti proveb selman pou tribu patripoch proveb... read more >
Dieujuste, 2-Dec-06 7:08 pm
Mon che Dieujuste Prezidan Preval ou renmen anpil la deja bay prev li se yon inkapab. Li te premye minis, Aristid te... read more >
Trebu Patriote, 3-Dec-06 2:41 am
Get a life tafiate,how are you feeling?Did you have your medication? read more >
Binbin, 3-Dec-06 11:12 am

 

< Previous | Home | Next >