Li te fèt Cuba an 1935 lan pwovens Oriente. Celia te on...

< Previous | Home | Next >

Reply to Msg 5840

Li te fèt Cuba an 1935 lan pwovens Oriente.

Celia te on rèn chantrèl, on potomitan mizik kibèn lan epi sa yo rele « world music » la. Pou nou menm Ayisyen, manmzel se on ektansyon mizik Afriken an tout peyil pase .Celia antre lan kè nou ak konsyans nou kòm pèp depi lan peryòd ane 1949 lè li te vini reprezante Cuba lan Bisantnè Pòtoprens.

Avan menm te genyen sa yo rele « World Beat » la ou byen « World Music » vwa Celia te yonn lan vwa karayib la ki te deja travèse anpil fwontyè.

Si te gen gwoup moun ki te toujou glorifye depi lontan mizik Afriken an, nou kapab di kareman san ezitasyon se te Jazz Des Jeunes, Lumane Casimir ansanm ak Celia.

Lan chante tankou « Babalou », « Aboumba Dye o », « Chango ta veni », « Elegua quiere tambo », « Oyeme Aggayu », « Yerbero moderno » ou byen « Burundanga » se vwa Lafrik ki vini jwenn nou san nou pa janm deplase.

Pou nou menm ki te leve an Ayiti lan ane 50 yo, nou ka verifye avèk rezon kouman vwa Celia fè pati « son » nou te konn tande depi nou piti lan tout radyo lan Pòtoprens avèk pwovens; pwiske tout radyo te genyen bouton yo plake sou « Radyo Progreso » chak dimanch.

Ayiti te premye peyi etranje Celia te janm vizite, konsa 46 an pita lan festival « Bouyon Rasin » Mapou Productions te prezante lan Stade Silvio Cator, Celia te eksplike se kapab petèt dènye peyi li vizite tou. Anpil ayisyen te tèlman idantifye avèk « Rèn mizik Salsa » yo te konn sèmante li se on Ayisyen ki te fèt Okap, yo rele Celie Lacroix.

Men kwak li te di lan on konferans pou la près li pa fèt an Ayiti, sa pa anpeche pèp la toujou renmen l. Stad Silvio Cator te foul dimanch Celia te jwe an ete1995 lan.

Li ka parèt on gwo dikotomi pandan sou on bò Celia te pran pozisyon reyaksyonè sou Revolisyon Kibèn lan, men lan domèn kiltirèl li te pi avanse, li te lan avangad lan mizik.

Kwak li se on limyè lan domèn mizikal mannzèl pat rive wè klè gwo benefis nwa lan Cuba te rive rache.

Pèp nwa te soufri anpil anba rejim rasis Batista a. Se lè Castro monte opouvwa an 1959 pèp nwa rive jwenn on « break ».

Konsa se avèk ironi larèn Azucar te di « tout peyi ap fè pwogre sof Cuba ».

Anpil jounalis Ayisyen ki te la lan konferans pou la près la nan Hotel Montana pat oze bay la kontradiksyon akòz sitiyasyon peyi nou ap viv.

Rèn chantrèl sa te chante anpil mizik ki genyen rapò ak Ayiti.

Li te chante « Choucoune » avèk chantez li te pwoteje lontan an: Martha Jean Claude, « Gede Zariyen » ansanm avèk chante tankou « La danza del cocoye » ki sanble tèt koupe ak on chante konpatriyòt viejo nou yo ta pote Cuba.

La rèn mouri Viv la rèn!

Lionel Legros

NouYòk, 16 Jiye 2003

Zodevan, January 28 2008, 9:16 PM

Topic: Celie Lacroix best known as Celia Cruz

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >

 

Messages in this topic

Li te fet Cuba an 1935 lan pwovens Oriente. Celia te on ren chantrel, on potomitan mizik kiben lan epi sa yo rele Â... read more >
Zodevan, 28-Jan-08 9:16 pm

 

< Previous | Home | Next >