preval sispann kraze peyi ya pou plÈ etranje!

< Previous | Home | Next >

Bon, mpa wè kisa preval fè de si byen non opouvwa.

Depi ou wè lafrans, etazini, kanada ap louwe youn prezidan ti peyi ou met sispèk li, se pas li plis apa fè travay yo ke travay ti peyi lap dirije ya. Preval se youn blofè kap fè makak al pale ak Castro e Chavez, men ki san pèsonalite devan ni ti opozisyon grimas ki an ayiti ya ni presyon peyi etranje.

De tout fason, gen lontan ke ayiti pa youn payi ankò, se youn kote ki san bi san pwospektiv pase pa gen ni lidè ni plan de gouvènans.

Preval limenm malpwòp, pase li lan dezyèm mandal, li pa gen anyen lap defann ankò, li te ka omwen mennen youn politik mwen laksis, sispann gen sèlman vant tout sa leta genyen, fè espre kite ed'h ap kraze pou bay sektè privel, fè menm bagay ak teleko elatriye.

Yap blofe ti pèp la ak kwasan ekonomik ke wowo farèl ti chen c.i.a. ap vin klewonnen, yo pa wè ke pep la nasyon wan pa gen anyen poul tire de sa. Lan tout peyi afrik kote gen kwasans malatyonk sa yo, pèp lan plis mizè ke jamè.

Lè nou pran lachin ki gen pi gwo kwasans sou latè, se kounye ya plis pase 700.000 milyuon chinwa ap viv lan mizè alò ke youn ti ponyen vin milyadè.

Modèl rans saa pa bon.
Preval sispann voye wòch kache men, ou se sousou depatman deta, ou prezidan kap detwi peyiw pou enperyalis.

T Tsouzep L, January 4 2008, 6:11 AM

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >