TI JAN DANTO men pa ou.

< Previous | Home | Next >

M'siye TJD, mwen wetire chapo lareverans mwen pou m di ou lone! pou m repon kesiyon ou te poze m nan: "Si ou te nan plas Prezidan an ki sa ou tap fe pou fe grangou wa tchoule?

"
Zanmi pa mwen konpatriot, mwen tap santi mwen raz anpil, semwen pa ta pwofite okaziyon siya a pou m ta souwete ou nan nan non GRANMET LA AK ZANSET nou yo yon TRE TRE BONN LANNE 2008. Malgre ou adwat lo mwen agoch, nou fet pou n mache tet kole poun fe peyi nou fe yon booon nan devlopman, paske SE LAKAY ki LAKAY.

e LAKAY siya a, se pou ou, se pou li, se pou mwen tou. Diferans lide yo pa fet poufeyon bay lot do. NON NON NON.!!! Milfwa non okontre se pou ou vin ak sa ki bon adwat la mwen mwen vini ak sa ki bon bo agoch la pou n kole yo ansanm.

Le sa a Zanset va kontan anpil.

Anvan m antre nannan keksiyon wan., lese m di ou fre tijan ke mwen neg obasandjo ki janbe flanm dife rouj la setfwa, mwen neg adoumkidi, mwen santi m vexe nan tout zantray mwen, le m tande wap trete VRE LESPWA TYOVi m yo: "de denmo ki soti PORT SALUT ya ki vise pep-la. Eskize m fre m mewn kwe sa pavre.

Eskize m anko si map fe "du coq a 'ane."
Ni mwen, ni ou, ni tout lot Haitiens yo, nou gen sel pwoblem.

Fok chodiyeya bouyi bo pa nou wan S E L M A N. Jou ta gen yon LANPERE DESSALINES ki pou rele pou fre gwo zotey nou yo, nou pa tande nou pa we fok nou fe pwoje ak ALOUFA tilolit yo pou nou bliye si seli ke bannou Endepandans pou nou touye l.
Le gen yon ti solda tankou PIERRE SULLY loubliye depitan benmbo, nap mete n kom kolabo ak lokipan an, nap menm pran fiziya nanmen lokipan an pou n fiziye l.
Lo gen yon CHARLEMAGNE PERALTE ki gen lekouraj malgre se yon ti fistibal li gen nan men li pa rapo ak zam fannfwa zagoloray yo, nap tounen yon "Konze " pou n van n li pou dis ( 10 ) piyas.

Yon lot kote kit se Bib la kit se MANMAN LWA peyi nou chak toujou vle pran tout sa ki bon pou nou, epi voye rest la jete. Kite m egsplike tet mwen.
Mwen sonje nan lanne1991 Prezidan TITID te di:
1.- Kouliyeyaq, woch nandlo pral konnen doule woch nan soley.

Klass zafe bon mande anraje, paske pitit fre Yis ak So Yet pa gen plas yo anba soley peyi Dayiti nou wan. Kom si batiste pa make tankou payo wa: " LIBERTE EGALITE FRATERNITE REPUBLIQUE D'HAITI " e, pou nou te bayo bwa long kimbe nou te asire nou ke batiste payo fet pou gen declarasiyon " PAYSAN " ladan payo dekwa pou bourik ap bourike chwal menn ap gariyonnen.

Sa se yon
2.-Nan premiye gouvenman PREVAL- ARISTID la mwen sonje LEADER san parey nouwan ak Mannan Lwa peyi ya nan men l, li tedi " MAKOUT PALADANN " Tout machwe gonfle, yo mande anraje.

Tande biyen, mwen pa konnen si ou te gen bon memwa.

Si ou te raple ou biyen, fok ou gen kouraj pou ou di m ke se BAYARD VINCENT ki premwiye minis lajistis .Kisa m'siye te le Lafontant te egzije ke tout moun kap manje sou pobef la fet pou yo mete ensiy bet sou yo.Eske ou tavle dim ke BAyard Vincent pat " makout '.

Ki sa Me. Gary Lissade teye?

pandan koudeta sangine 1991 ya ki te fe plis pase 5.000 kadav kretiyen vivan.pou pale selman de e moun sayo. Kiles ki te prezidan deniye K E P sou deniye gouvenman Neptune - Aristide nan Pale ake m zanmi mwen.
Eske mwen ka raple ou ke moun Jeremie kite tre rasist patvle dako kom sennate Hudicourt pou yo te rele Prezidan Estime prezidan Dayiti..

Men pon ke Estime ke Estime te fe konswui sou riviyela Voldrogue la sim pa twonpe fe tout moun Jeremie rele VIV Prezidan Estime pou kont yo, le dlo wa pran desan, mande anraje, yo konnen ke dlowa pral pran pon wa. Plis dlo wa desan ak fos se plis on wan onte piwo kon dlo bat ba, ponwan desann nan nivo nomal li. YO kontan yo pouse rel VIV PREZIDAN ESTIME san baton pat nan deye yo.
3.- Prezidan Aristid te gen to devan nou le li te met deye ate pou met manje nan bouch pov nan pale nasiyonal.

Nou bezwen yo selman le nou pral poze kandidati nou.

Kou nou fin pase nap diyo: " AL KOUPE DWET KI TE VOTE M NAN ." Se sak fe nou bal tout non. Si LANPERE ki LANPERE nou te sakrifiye l, se paske Agaou se bon Diye vle ki fe nou pa manje l, nap bali tout kalifikatif ki pa sanble l. Monche TJD che pou che, nap pranni lakay pratik tande viye frem.
Kanta keksiyon ou lan men repons la. Men pafetman dako ake ou ke prezidan dwle konbat koripsiyon, konbat jiskobout kidnape zenglendo etsetera, anvisaje sou tre tre tre frgand echel pwodiksiyon national.

la se OLOCHENAGO!!! AYIBOBO !!! pouli men anvan mayi ki fek plante ya mi, anvan diriya mi poukoupel oliye lap bay Sennate ak Depite yo ni fre, ni se ni grangrannigwe yo pou yap voyaje di yo al an misiyon epi se nan plezi neg yo yo prale, tout pil lajan sayo l si m ta nan plas TI RENE, mwen tap envesti tout siple lajan ke kes leta rapote poum achte manje ankantite, puiske leta pap peye okenn fre sinon transpo wa, Mwen tap A S I R E M ke manje ya van nan yon pri ki nan vwazinaj fe kado jis poum ta ka renouvle " Stok " 2 mwa avan l kaba. Konsa ti pep lapa tap politize jan liye jodiya.

Yon lot kote viyefre pam nan Ti Jan Danto, ki jan ti Jan tap santi l le viye fanmi san li yo, fanmi lafiyev li yo ta relee l nan telefon pou di li :" Viye Nevem nan, viye Niyes mwen yan eske wap kite grangou twa riban sa a pote m ale?

Annatadan ou ban m repons la, BEL LANMOU, MENM LANMOU NAN KE TITITD AK TOUT FANMI LAVALAS POU OU. PASKE SE LANMOU NAP SEMEN E NON la discord.

YON SEL nou FEB ansanm NOU FO ANSANM ANSANM N O U S E LAAAAAVVVVVAAAALLLLAAAASSSS.

Obasandjo, December 29 2007, 10:49 PM

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >