L'armee et l'economie nationale: Est ce la reconstruction de...

< Previous | Home | Next >

Reply to Msg 4383

L'armee et l'economie nationale: Est ce la reconstruction de l'armee sera l'un des moyens pour relancer l'economie nationale.

Mon tres cher ami,
Se pa le pou nou vin'n resite pwezi bo isit la. se solution n'ap chache pou peyi a. Se pou ou gade sa mesie a di a, pou we si li fe sans.
Si ou te etudie economi, ou pa t'a repon sa konsa.

Neg la poze yon gros question, ki mande reflection.

Gouvernment nan yon peyi, utilize mwayen fiscal li poul li influanse la vie economik payi a. Le yo te kraze lame brize zo a, nou tout te aplodi, paske li te fe nou soufri.

Lame te mande reform, men non kraze.

Se te 7 mil moun ki te rantre nan chomay san konte des milliers d'autres ki te pedi pansion yo. Sa fe ou vin gin plus que 7 mil moun ki rantre nan chomaj, ki pa gen pouwva d' achat, 7 mil fanmi vin tombe nan la vi di. Nou tou konnen jan jandam te renmen fanm, yo grennen piti tou patou.

pi fo nan yo te gen 2 fanm, anpil nan yo gen papa, manman, ti fre, ti se ki te sou kont yo. si chak nan yo te gen 3 pitit, 2 fanm, 1 fre ou biin 1 se, 1 manman ou bien yon papa, 1 bon, mete te tou ansanm wa we konbien moun ki te depann de yon seul moun!

Si tout moun sa yo te gen kob pou yo te depanse, sa t'a kembe economi an. Men le ou revoke tout moun sa yo, yo gen zam nan men yo, yo pa gen travay, yo fin'n vann sa yo te posede, ki sa ou vle pou ampil nan yo fe?

Malerezman, sa vin' ajoute nan mize peyi a.
Si neg la mande pou yo retounen ak lame, sa pa vle di se ak neg brize zo sa yo gouvenment an pral retounen, neg sa yo deja fin' vie gran moun, tout diol yo gentan fobo, yo pa kalifie pou yo tounen la anko.
si lame a retounen, anpil nan jen nou yo t'a jwen bagay pou yo fe. le sa pandan yo nan lame a yo t'a aprann yon bagay, ou yon profession.

Yo ta instwi yo, ba yo plis fomasyon, pou yo ka pab devni bon soldat et bon sitwayen
Mwen pa t'a renmen pou ou vin'n lage pwezi sou mwen ni trete'm de makoute, ou ancien mililte.

Kounye a se pa le pou n'ap desann lot moun si yo poze yon kesyon, ni montre jan nou kon'n konjige veb, ni ekri pwezi.

Nou an dange! se pou nou trouse manch chemiz nou pou nou travail ansanm pou nou soti nan mize. nou dwe esaye tout bagay pou fe peyi a avanse.

Si yo tounen ak yon lame refome ki gen 20,000 hommes, se 20,000 moun ki pral gen yon ti kob pou depanse.

kalkile ki impact sa t'ap gen sou ekonomy an. En peu de mot: t'ap gen impe sekirite, occupation peyi a t'a fini, taux chomagee la t'ap diminue, konmes drog tap ralanti, konmes tap mache, la mandisite t'ap rekile, epuis, dominiken t'a manyen reflechi et panse 4 fwa avan yo panse rantre nan peyi a vin' pran nou pa fos pou voye nou sou batey yo. Ampil lot peyi pa t'ap janm vle nou avanse, paske haiti bay ampil main d'oeuvre pou lot payi, minm le yo pran poz ke yo pa vle we nou. Yo ap jwe yon jwet psychologic avek nou pou nou dekouraje, pou nou aksepte nou inferie, y'a fe tou sa ki depann de yo pou yo kembe nou nan povrete.

Min se pa vre. Nou te goumen pou nou te soti nan esklavaj, an nou goumen pou nou soti nan la mize, komanse pa restructure institutions nou yo, reforme la justice, et surtout reforme mentalite nou. Pe tet li poko le pou yon lot lame ak yon lot mission, yon lot discipline retounen, men sa gen pou fet to ou tard. Le gouvenman ki gen pou fel la pran decision fe sa, se pou nou ba li yon chans fe li...

Zanmi reflechi!

Agarou, October 22 2007, 2:08 AM

Topic: Force Armee D'haiti

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >

 

Messages in this topic

1 - 10 of 22 « First  ‹ Prev  1 2 3  Next ›  Last »
Well,our country has natural resouces that have never been exploited,look what happened to Iraq.a small "oiled rich... read more >
Yves Binbin, 21-Oct-07 12:44 pm
Yves, you are one of the few citizens who see the importance of the army in Haiti. Some people hate the idea to have... read more >
Agarou, 21-Oct-07 1:59 pm
Tiroro, samble neg yo te baw' yon ge makak nan gou Jezi. Selman Bondie nan siel la ki konnen ki zact ou te fe ki fe ou... read more >
Ti Jan Danto, 21-Oct-07 2:27 pm
Here was a nice blog: 100% true The Haitian Army has made enormous mistakes. I admit that as a former military... read more >
Agarou, 22-Oct-07 1:51 am
L'armee et l'economie nationale: Est ce la reconstruction de l'armee sera l'un des moyens pour relancer l'economie... read more >
Agarou, 22-Oct-07 2:08 am
Man,most of our brothers believe that United States would defend our home land if we were invaded by D R.I like to... read more >
Yves Binbin, 22-Oct-07 11:10 am
Let me also add the United States provided the British with military equipments and spy information during the war... read more >
Xyz, 22-Oct-07 12:09 pm
Dear Bloggers, I believe we have another "Jacques Pierre" in our mists, except this one prefers to identify himself as... read more >
Mckenzie, 22-Oct-07 10:59 pm
Mr Mckenzy...I have not read all the post of XYZ. He is an educated man; according to what I read from some of his... read more >
Ti Malice, 23-Oct-07 4:12 am
I believe that the Army should be re-instated and wuold serve as great economical backing to Haiti's path to... read more >
Wilgeens Rosenberg, 3-Mar-08 5:32 pm
1 - 10 of 22 « First  ‹ Prev  1 2 3  Next ›  Last »

 

< Previous | Home | Next >