Bonjou prezidan mwen felisitew anpil

< Previous | Home | Next >

Mwen salyew ak anpil respè, pou koural ou ak detèminasyonw.

Mwen vle bow yon ti konsèy epi map mandew pou fè yon bagay pou mwen. konsey la se: saw panse si ou ta rekonsilye nasyon an paske se sèl ou men'm ki ka koumanse avèl, lèm di rekonsilyel mwen pale sou tout sans. Nou men'm ayisyen nou se yon melanj omojè'n, ki vle di depi yon etranje parèt sou nou li vit poul idantifye nou. Men you'n nan pi gro poblèm nan. Se pou nou retire zafè nwa ak milat la, boujwa ak pov la, nou boujwa ak pov la, nou konnen li exite, men fot you'n ka ede lot nan sans pa yo. Nou konen li pi fasil pou boujwa yo al rankontre pov yo, lè saaa pov yo ap san yo ankadre, you'n pa gen hèn pou lot, pap gen ensekirite you'n ap toujou prè pou ede lot. tout peyi'a se pou nou, nou paka fè pou chak mou'n viv nan ti zo'n pal. Presidan men'm mou'n ki di yo pi save nan peyi saaa, yo toujou fè erè saaa. Chak 17 oktob yo fè tout konfi re monte sou tè, pou yo pale de nwa milat, Desaline, Pétion, rich pov. nou konnen neg saaa yo pat gen men'm koulè, men yo tout tap goumen pou yon sèl bagay.

yo te ka gen ti konfli pa yo, men sa pa vle di pou nou kontinye ak konfli saaa. Ok mwen pa vle pale trop, ma fin di rès bagay yo yon lot lè.

Mwen te diw mwen tap mandew yon bagay, men sa map mandew yon bagay.

Wa koumanse ak 3 ministè sa yo toujou.

Minis San, Edikasyon, Afè Sosial, pou yo resanse kantitè Elèv ( Segondè) pran elèv saa yo nan tout Lekol san PREJIDIS ni DICRIMINASYON pou nou fè seminè avè yo, pou yo al non tout lekol tout lopital, nan bus, Legis, tout kote ki gen anpil mou'n ka frekante, pou yo emisyon pa yo sou tout Radio, pou yo ka di tout mou'n dwa yo kouman pou yon kopote yo, kouman pou yo viv,.

Se yon fason pou nou dechouke tout hèn. tou ki pou fè kanpay, tankou rebwazman vaksinasyon.

Tou kote yo pase pou yo fè tout mou'n konnen nou se Ayisyen e tout peyi'a se pou nou. Lè saaaa nap ka di: pou le peyi pou le ansèt, an nou pache ansan'm. map di anko Prezidan fok sa fèt san PREJIDIS NI DISCRINASYON e fok tou lekol asepte avèk pèsyon tout paran yo e mwen siw koumanse tout mou'n ap vi'n met men nan pat la. Paske Ayiti ap bèl si nou rekosilye ak tèt nou e ak lot mou'n yo tou.

Eustache Yonel, October 20 2007, 10:41 AM

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >