Bravo Prezidan Preval

< Previous | Home | Next >

salitasyon pou ou Prezidan Preval.

mwen resevwa avek anpil kontantman nouvèl desisyon ke ou pran pandan ou nome konsèy BRH ak rekondwi Konsèy BNC a e fason ou entèveni nan problem senatè yo ak Komisè gasan an sa montre yon lot fwa kapasite ke ou genyen pou mennen peyi a a bon pò.

Mwen songe nan jou ki te pase yo mwen de mande ou yon seri de bagay konsa kote mwen wè tout bon vre ou reponn yo sa montrem ke se yon Prezidan ki renmen dirige avek konsèy lot moun ki donk yon bon demokrat.

mwen felisite ou pou sa e se pou sa nap batay e vle mouri pou travay ou. komisyon pou etidye yon lot fos de lòd nan peyi a vini a tan.

sel sa mwen estime ke ou ta dwe touche se delegasyon ki reprezante fòs pouvwa a nan tout depatman yo sa a se yon pwen pou mete a letid.

Prezidan Preval nou ANAFASCH te toujou kwè nan ou pou sove peyi nou komanse fyè de chwa nou e nap toujou pote kote pou peyi a avanse
Nou renmen ou
Colbert Gentilhomme
CP ANAFASCH

Colbert Gentilhomme, August 30 2007, 1:09 PM

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >