Bon Kouraj Prezidan Preval

< Previous | Home | Next >

Prezidan wap fè yon travay ke nimpot moun pa kapab fè nan peyi-a: lit kont Koripsyon.

Tout Ayisyen konnen ke koripsyon-an preske tounen yon kilti nan peyi nou-an. Donk, se pa tout gouvènman ki ka konbat-li.

M'ap konstate volonte kèk Palmantè pou jete gouvènman- an. Se nomal paske anpil enterè menase.

Sepandan Mas defavorize-a pral soti gayan si litkont koripsyon-an abouti.

Atansyon! ènmi-yo itilize tout mwayen pou atenn objèktif-yo. Mwen konstate depi 2 semèn yo kidnape
Lovinsky.

Yap chèche destabilize peyi-a. Lè pou yo te destabilize peyi-a sou Gouvènman prezidan Aristide, se te menm estrateji sa-a yo te itilize lè yo te kidnape Amiot Metayer e tiye li nan Gonayiv, pou yo te lage divizyon nan mitan patizan Lavalas yo.

Kontinye pran defans sa-yo ki pi fèb-yo e Bondye va proteje-w.

Bon kouraj.

Ti Jas, August 26 2007, 11:58 PM

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >