Aeroport

< Previous | Home | Next >

Mezami yon sèl bagay m gen pou m di. Lè moun rive nan peyi dayiti gen twòp moun ki gonfle devan èpòt la. Yo pa vin regle anyen, yo fè kè moun k ap antre nan peyi a sote. Fòk leta di yon bagay nan sa.

O non tout Ayisyen k ap viv lòtbò dlo, mwen mande otorite konpetan nan peyi a pou l pran dè mezi pou sa ka sispann.

Se nou menm Ayisyen deyò ki kenbe peyi a. Ane sa k sòt pase la a se prè de 2 milya dola ameriken nou voye nan peyi a. Se pou leta ka tande nou tou.

Mèsi

Janjan, August 23 2007, 8:43 PM

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >