Hello Preval

< Previous | Home | Next >

Hallo, Mr.Preval
m'ap komanse pa di ou mesi e mwen kontan pou bel travay w'ap fe nan peyi a. pa tro lontan mwen te nan peyi a e ke mwen we se pa menm bagay, men genyen anpil bagay ki pou fet toujou.M'ap pale de rout, elektrisite 2 bagay sa yo se yo ki plis ap kraze nou.si pou peyi a shange pa gen lot fason se fe tout moun k'ap viv nan peyi a peye tax, ak lajan tax sa yo nou ka fe rout. E ak lajan tax sa a nou ka kreye travay, konstwi building pou anfeme, tout building ap pou gouvenmam an.yon lot pwoblem haiti genyen se dlo. pa gen dlo pou plante, tandiske nou genyen yon riviye dlo kal vide sen domeng.nou te ka rekipere dlo sa a.sepa pou dat depi mwen leve mwen konnen ameriken nan peyi a se pa anyen y'ap regle senpleman kraze nou itilize nou pou'n detwi pwop fre'n.Nou bezwen yon lot Airport, sa nou genyen two piti. an nou gade lakay yo bel bagay net. mwen ta renmen konnen pou ki nou pa ka genyen pwop aviyon pa nou?

nou plen lot peyi ki vle ede nou. si ameriken pa vle konstwi yon lot airport ba nou se pou'n al jwen sa ki vle ede nou an.Nou genyen anpil teren vid an ayiti ki ka bati yon gwo internatinal airport menm jan ak pa yo.

Venique, August 23 2007, 7:31 PM

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >