Protege medam yo.

< Previous | Home | Next >

Reply to Msg 2936

Tre che se'm.
Afe de gason gi pran prizon an se yon fe reel. gen nan yo ki merite kanpe nan kanpe lwen pou yo refle chi. Mwen gen yon zanmi, nou fek, sot legliz ansam, li di mwen ke madanm li te rele polis pou li.Li di ke li te bat li et pui viole'l. Se sa li di. gen yon lot mwen konnen ki fek sot lage la, paske madanm li di la polis ke li bat li. yo lage'l sou kosyon pou di mil dolla.

Alos, sa se ka isole, sa pa fet chak jou. ni mwen pap justifie aksyion malonet kek mesie deyo a ap konmet..

Mwen pa di ke ou fe move experians non plus. Mwen ta'p fe yon pwen. Mwen dako avek ou. Ou gen rezon fache, le yon moun ap desann medam yo. Mwen dako ke peyi lakay pa gen justis.

Kite'm diou. mwen temwen tout sa wap di yo la. gen kek gason sovaj deyo a. men gen anpil bon tou.

Kontinue plede koz medam yo. an nou mete sa devan ton RENE, Prezidan nou an pou li kombat violans domestik.

SE sa oui, Amba ti tonell sa se pou nou pote tout sa kap fe nou soufri,,,,dekwa pou nou jwenn yon solisyon.

Mesie yo an nou mete dlo nan divin nou, le nou tap marie, nou pa te rantre legliz ak yon koko makak ni moso boyey.

pe ya, ou bien paste a te te fe ou kenbe men dam nan pou oun te foure yon bag nan dwt li. li pa te pran. Nou gen pitit fi kap vini, eske nou ta renmen yon nonm fel li monte calve anba kalot?

Si ou pa ka viv ave'l Krazon kiton sa! al fe rout ou. Te gen yon neg yo te rele Altiery Dorival, Yon ancien twoubado.

Li te di konsa: Pa koute moun pou ba madanm ou kou, pa koute moun pou ou ba li kalot, Vwazinaj s'on bet ki landjez, yo toujou ap pote tripotay".

neg sa sa pa te kon li ni ekri, men li te gen bon konprann.

Nou menm medam yo kembe ko .nou. Konnen ak kimoun n'a marie, ou plase, ou renmen.

depi ou we neg la ap simonte, chape poul ou pou ou pa vin'mazora!...

An nou viv an pe pou ban prizon pa manje deye nou!

Loulou, August 19 2007, 5:13 PM

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >

 

Messages in this topic

Gen child support en ayiti menjan liye ozetazini. Sel problem, pifo mesye yo pa gen bon travay. Epi, yo plis pran... read more >
Ben From Boston, 30-Jul-07 2:36 am
J'ai donne a tes freres le titre qu'ils meritent Michelle Bennett te chanje lwa an Ayiti ki bo sa sou la fom men dan... read more >
Tatiana, 30-Jul-07 7:08 pm
Ma konme, ou gin rezon fache. se pa tout fanm ayisien ki pa bon. Yo fe anpil bon bagay pou nou gason ayisien. Neg ki... read more >
Loulou., 19-Aug-07 8:46 am
se vre,men fok ou kapab admet ke gason ayisyen fe fanm trop ki kote fanm fe gason ayisyen pran prizon pou... read more >
Damebochie, 19-Aug-07 2:42 pm
Tre che se'm. Afe de gason gi pran prizon an se yon fe reel. gen nan yo ki merite kanpe nan kanpe lwen pou yo refle... read more >
Loulou, 19-Aug-07 5:13 pm
The state of women in most non-westernized countries is a sad thing. Women in the Caribbean tend to have more freedom... read more >
Linda, 24-Aug-07 4:16 pm

 

< Previous | Home | Next >