Bon travay men mank de pèsonalite.

< Previous | Home | Next >

Prezidan Preval,
Mwen salye-w kòm premye mandatè peyim, mdwe kopumanse pa feleisitew pou sekirite, lit kon kòripsyon, anbyans ou mete ki fè ke yo ka arete de moun kou Brandt e trete yo kòm de jistisyab òdinè.

Men sam pa dakò avè-w pakont, sèke ou reprezante youn peyi ki malgre tout move sitirasyon-l endepandan, ou dwe gen plis senti e kanpe drèt devan dirijan etranje ki vin lakay ou. Ou pa gen pou antan ke prezidan ap bay bilan piblik a dirijan etranje kòm si ou se you moun kap travay pou yo e kap rann kont a patwon-l yo. Jan de kont randi sa yo, si yo nesesè, mpa kwè, ta dwe fèt diskrètman pa vwa diplomatik.

Mta pi fyè si lè ou an prezans vizitè etranje ou ta manifeste plis prestij, plis diyite.

Pase mal kou mizè Ayiti se youn peyi ki toujou gen stati endepandan, janm te dil okoumansman.

Kouman fè ou aji, lè youn chef etranje al an ayiti, kou wè youn prokonsil oubyen youn gouvènè ki delege pa peyi etranje?

Se kòm si se lòt prezidan ak premye minis etranje ki voye-w rsponsab Ayiti pou yo?

Devan Harper, parekzanp ou desann tèt ou ak tèt tout ayisyen?

Ou rele Harper "doktè" e tout figiw an prezans misye, jan-w gade misye, jan-w pale avè-l, te baw youn posti ki sanble flatri.

ou gen dwa koutwa san ou pa vin flatè.

Vye blan sa yo deja gen twòp mepri, twop frekansite, menm si yap ri baw avèk "myèvri" (sètadi youn aparans jantiyès), pou ap ba yo tout enpòtans sa-a pou ka plis maltrete ayisyen ak nwa sou latè.

Se sam tap di kòm sitwayen ayisyen.

Ankò youn fwa, kenbe la, kontinye fè bon bagay lan sa ki bon kew koumanse fè, men, pou diyite paw e pa tout ayisyen, sispan atitit pwokonsil-gouvènè nèg delege pa lòt peyi e kap bay patwon blan li ran mèt e seyè.

Koloni pa alamòd ankò.

Tout respè-m Mesye prezidan.

CAMILLE LOTY MALEBRANCHE

Camille Loty Malebranche, August 18 2007, 5:32 AM

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >