Anmwe pou La Victoire Lakay mwen.

< Previous | Home | Next >

bonswa mr. Prezidan.

nou kontan pou Kouraj ou ak detèminasyon w. Kenbe fèm pa dekouraje.

Mwen gen yon kout anmwe m'ap rele pou komin La Victoire ki plase l nan Nò peyi a. Komin sa a lage pou kont li, lèm di pou kont li, mwen vle di pa gen anyen ki pou rann popilasyon an yon ti kras ere pa gen rout, pa gen dlo potab, kouran, ...etc pafwa nou konn mande si gen dirijan k'ap panse pou nou. Eske w konnen pa janm gen polis nan komin saa?sa vle di se popilasyon an ki bay tet li sekirite.

Prezidan, kilè w'ap sonje popilasyon sa a nan lapriye w.
mwen ta kontan anpil si yon jou mwen wè ou fe solèy lespwa boujonnen nan La Victoire tou, e mwen kwe se tout yon popilasyon ki t'ap kontan

Nou salye kouraj ou epi mwen konte sou ou pou ede pep sa a nan soufrans li.
mesi

Fayard Amy, August 15 2007, 3:09 PM

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >

 

Messages in this topic

Ekselans. Sitwayen sa gen rezon rele anmwe.Genyen plis pase 5 lane depi Laviktwa pa gen Polis.Nou kapab konprann sa sa... read more >
Serge Desrameaux, 17-Aug-07 4:30 am

 

< Previous | Home | Next >