Mwen vle ou konpran se te yon ere yo te fe Ayewopo okap la...

< Previous | Home | Next >

Reply to Msg 27895

Mwen vle ou konpran se te yon ere yo te fe Ayewopo okap la kote li pozisyone a. Liy Ayeryen tankou American Airlines ak Continental Airlines di ke Ayewopo sila a pa byen plase di tou e yo mande gouvenman fe li Ayewopo rejyonal pito ke yon ayewopo entenasyonal paske li prezante yon menas pou gro avyon tou. Li kapab sevi yon ayewopo rejyonal pou fasilite ti avyon kap transpote 17 ak 25 moun de yon depatman ak yon lot, alo bliye rev sila a e li pap janmen ka rive yon Ayewopo entenasyonal tande.

Jan Klod te fe li pou li yon Ayewopo rejyonal e lap rete ak estati rejyonal la pou rezon sekirite paske gro avyon transpote yo di yo pa prale ateri nan zon sila a, sa wap fe nan sa.

Koulye a se pou di mwen ki plan pou gouvenman an ta mete sou pye pou fasilite transpo rejyonal nan zon nan kote Ayewopo sila a ka jwe yon pi gran rol. Sekirite dwe tabli nan tout peyi a e se sa gouvenman dwe mete yon fos sekirite tou swit pou ranmase malandren yo kap fe dezod yo. Se neg Syrian yo kap finanse enbesil sa yo pou fe Diaspora Ayisyen rete lot bo dlo pou yo ka eksplwate Ayisyen kap viv lot bo dlo ak nan peyi a. Malfekte sa yo pa ankouraje envestisman lot ayisyen andan peyi a ditou e fok nou mete yon fen nan sa tande.

Yo pap fe gro avyon ateri okap paske pa gen sekirite nan potoprens.

Se transpote ayeryen yo ki di ke ayewopo okap pa byen plase pou yo e se pou gouvenman fe li yon ayewopo rejyonal pito pou ti avyon ki ka pote 17 ak 25 moun alo sa wap fe nansa.

Mwen ap mande nou pou nou we sevis pou Ayisyen tou andan peyi a olye nap mande sevis pou diaspora selman.

Se pou pri transpo yo abodab pou ayisyen ka apran pran ti avyon de yon zon ak yon lot zon e sa ka fe gen anpil aktivite kap dewoule e ki ka kreye plis travay.

Se pou nou panse peyi an plizye rejyon kote nou ka genyen 5 ti ayewopo rejyonal ki ka fasilite transpo rapid de yon ayewopo ak yon lot nan mwens ke 1e de tan pou mwen pa di dezed tan oke.

Nou ka fe sa paske peyi St-Domeng chaje ak ayewopo rejyonal e twa gran ayewopo entenasyonal, paske yap fe de fwa te peyi ayiti a e te yo wa pi plat pase nou. Nou se yon peyi mon alo nou pa gen anpil sifas ki plat e sak plat yo chaje ak sel e lot problem ki pa ka fasilite bon jan aterisaj pou gro transpote ayeryen.

Ou kwe ou konpran problem yo ak limit nou tou an tem de espas ayeryen ke nou genyen.

Mwen swete ke ou konpran li e ou tonbe dako ak mwen. Ayewopo okap pap janmen ka rive yon ayewopo entenasyonal vi pozisyon ke li plase a pou gro avyon kap transpote 300 ak 350 moun tande.

Problem nan nou genyen yon gouvenman ki pap komike ak ayisyen pou fe nou konpran limit teritwa nou an. Eske ou konpran sa fre mwen ke fos Gran Met blayi sou ou tande! Male.

Toulimen Legrand, April 10 2011, 1:28 AM

Topic: PA GEN TRAVAY KAP FET NAN AEWOPO NAN OKAP JOUNEN JODIA

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >

 

Messages in this topic

LEM DI TOUWIS LI GENERAL.AYISYEN KI FET E KAP TRAVAY NAN LOT PEYI PA AYISYEN. AYISYEN KI SOTI NAN NORD TA RENMEN... read more >
Tony St Festin, 10-Apr-11 12:02 am
Mwen vle ou konpran se te yon ere yo te fe Ayewopo okap la kote li pozisyone a. Liy Ayeryen tankou American Airlines... read more >
Toulimen Legrand, 10-Apr-11 1:28 am
Toulimen,depi mwen te ti katkat mwen te toujou santi ke yo ap dirije peyi nan manti,nan blof,nan fenwoi. Tankou... read more >
Jean Pierre Alexandre, 10-Apr-11 6:16 am
TOULIMEN,SA WAP DI LA MWEN TANDEL NAN BOUCH MONOPOL POTOPWENS 7 ANE DESA NAN YON REINION KI TAP FET OKAP NAN ZONE... read more >
Tony St Festin, 10-Apr-11 9:48 am
Ayiti pate jam gin yon bon presidan nan tet li,gin le'ew si Papa doc pat kontri yon ayewopo,ayiti ta gin yon dwoet... read more >
Jean Pierre Alexandre, 10-Apr-11 10:40 am
Mwen soti rele Jet Blue ak American Airlines pou konfimasyon sa a ou di a. Yo di menm si yo ta rive desevi Ayewopo... read more >
Toulimen Legrand, 10-Apr-11 1:53 pm
ZAFE` TI AVYON SA WAP PALE-A SE PWOJET TI BOUJWA MALPWOP YO KI RETE NAN FATRA,NAN MALPWOPWETE NAN POTOPWENS.SE PLAN TI... read more >
Tony St Festin, 11-Apr-11 3:00 am
ME KOMAN TI MALPWOP YO RELE KI PA VLE DECENTRALIZASYON,TI MALPWOP SAYO AP GOUMEN RED POU LETA CENTRAL LA RETE.ME SALOP... read more >
Pololo, 12-Apr-11 7:15 am
Titid(djol kochon),wou songe ke mwen te di'wou mwen se vrazin wou nan taba? Mwen gin ket tan map chache'wou,pou nou... read more >
Jean Pierre Alexandre, 12-Apr-11 10:55 am

 

< Previous | Home | Next >