m' ta rimmim ke tout neg an ayiti yo bouke viole

< Previous | Home | Next >

Reply to Msg 2593

mwen di'w mesi pou bel pawol sa a ou patage ak nou memm famm haityen.

mwen fe pati de gwoup zammi fi k' ap reflesi ak sitiatyon sa a e k'ap cheche secou nam men papa bondye nan syel la e k'ap pense ale en etazuni ' canada, sin doming.

mwen di ke se twavay ki pa gen nan peyi a pou jenn fi yo. paran yo pa gen mayen pou ede yo, yo oblige kouri fe zammi ak gason ...kelke nan paran ki koz sitiatyon an. ki pa reponn ak begwen yo, ki pa epanoui la vi yo byen.

paske mwen memm m'fe pati de pwoblem sa a, kounya m an ozetazuni m'ap travay e m;santi m soulage e m'patage sa a ak zammi m'yo e m vle ede yo.

e youn nan nou t'ale a sin doming li pa rete paske li jwenn memm pwoblem sa a.

mwen leve mwen jwenn pwoblem sex sa a m'kommense reflexi a 12 zan, en raport de sa a m cheche eske se tout moun ki konsa, a16 zan m' remmen ak yon neg ki remmen fe sex e tout fammi li tou konsa, a17 zan mwen remmen ak yon lot ki pa fe sex ki pale avek ou ki s'ak ki gen nan lavi a.mwen konn sou kabann avek li mwen sel li pa pense a fe sex, mwen viv avel pendan 1 an e fammi mwen kritike m dim ki sa a neg sa a ap fe pou mwen. mwen konnen ke se neg sa a mwen t'ap cheche e mwen gwen li, li mete ke mwen anpe. kounya m'ap travay pou m' ede li, menn si ke m pa ta rive marye ave li anko sa a p'ap bamm pwoblem, ke mwen di nou memm famm bon kouraj e pran patyans, gason pa konn fe anyen pou fi selman fe sex.se mete moun sou ou travay fe sa ou kapab fe nan lavi a. si ou gen $50.00 ale nan mache potpprens nan achte kelke bagay ale revend sa a se esperans mwen patage ak nou memm famm e gason k'ap kouche ak famm pou plezi.

e saa mwen di ak prezidan Preval e kolabote de retabli yon securite pou famm haityen yo memm jan ak etazuni ki gen 911 tout moun dwe konnen gen yon lwa pou moun k'ap fe kadezak sou jenn fi yo.

memm si sa a pa ta fet anne an mwen souete ke sa ap realite demen.

mesi

Pierre Marie, August 10 2007, 11:17 PM

Topic: Mta rinmin ke tout neg an ayiti yo bouke viole fi

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >

 

Messages in this topic

mwen dako ak w tou fi haysyenn,yo dwe veye zo yo. read more >
Ruth Morissaint, 28-Jul-07 1:34 pm
Mwen kanpe ak tout fi yo pou'm mete tout san ave yo nan kaj pou yo bouke terorize sex feminen yan. Se paske se on... read more >
Le Protecteur Des Femmes Juan Las Casas, 28-Jul-07 4:08 pm
mwen di'w mesi pou bel pawol sa a ou patage ak nou memm famm haityen. mwen fe pati de gwoup zammi fi k' ap reflesi ak... read more >
Pierre Marie, 10-Aug-07 11:17 pm
Mwen neg jacmel protekte fi ayisienn nan peyim. Mwen te bien planifie ede on ti moun nan peyi an deyo zonn St-Marc. Wi... read more >
Jc Le Protecteur Des Femmes, 13-Aug-07 7:08 pm
hi my name is also guerlande and im 22 years old and i was wondering wwho wrote that,,, cpntact me versatyles101 at... read more >
Guelande, 20-Apr-09 9:27 pm

 

< Previous | Home | Next >