Se jan de atitid sa ke nou vle chanje a. Ou gen tan bay...

< Previous | Home | Next >

Reply to Msg 27604

Se jan de atitid sa ke nou vle chanje a. Ou gen tan bay rezilta ou avan yo pibliye vot yo. Madan Manigat pa popile an Ayiti tankou Micky e se pep ki pa konnen li ki gen plis vot alo kijan li pral fe genyen eleksyon sila a yo. Si yo pa fe magouy pou yo voye li monte li pap kapab genyen ti fre. Apre Aristid, Duvalier se Micky ki pi popile an ayiti.

Ou di ke li te konnen desan pantalon li, mwen dako, men apre li toujou monte li. Ou men ak tout Madan Manigat desan pantalon nou ak Preval e tout lo ki sou pouvwa e nou pa janmen monte pantalon an. Madan Manigat ak tout mari li se ekspe nan volo vot men tou fwa sa yo pap kapab volo vot pep la.

Se pa Micky kap fe boule Ayiti se pep la li menm ki pral boule peyi a. Ekip Maniga a ak tout ou men kap pale la mele e nou pa konnen sa nou dwe fe. Se Preval menm ki fe patizan Inite yo gate eleksyon an nan kote Micky pi popile yo, pou yo ka favorize Mirelande, men wa we sa ka pral pase. Manman pitit se mare vant yo. Rosny Desroches ki reprezantan sosyete sivil la pale KEP a pou li respekte vot pep la paske pep la deja konnen ki moun kap ranplase Preval alo Magouy pap ka fet. Si rezilta pa pase byen, yo ka asasine Preval tankou jan yo te asasine Amiral Kilick la e se listwa kap repete anko. Se sa ou ta renmen pou peyi a.

Mwen konnen ke Mirelande gen konpetans se vre e mwen respekte sa, men avek sifraj inivesel direk ke nou genyen an se pep ki bay pouvwa alo se pa moun ki konnen li kap bay pouvwa an Ayiti.

Isit nan peyi Meriken se moun ki konnen li ki chwazi de bon lide pou pep vote e apre se kolej elektoral la ki chwazi moun nan, sa vle di moun ki kon li yo eki reprezante majorite ekonomik la tou. Se sistem sila ke nou te genyen ke Duvalier Francois kraze li pou fe pep ki pa konnen li ak ekri vote nenpot ki lide e retire pouvwa elektoral la nan men majorite ekonimik la ki vle di moun rich yo.

An nou analize desizyon Duvalier a nan de nivo. Li te fe sa pou li teka retire milat sou pouvwa paske se Duvalier ki fini ak 156 lane rey milat sou pouvwa an Ayiti e nan pa lame Dayiti.

Nan lame a se milat ki te toujou ofisye ak jeneral e se yo tou ki te toujou ap komande.

Neg nwe pat kapab prezidan e gro tet nan lame tou paske sistem elektoral la ki te avan Duvalier a pat pemet sa ditou.

Koulye, a si mwen se yon neg nwe, desizyon sila tre bon paske mwen gen chans ak po mwen ki nwa mwen ka vini prezidan tou. Men annou gade konsekans yon desizyon konsa, li fe moun ki pa konnen li di tou vote pou nen pot ki moun pouvi ke moun nan popile.

Mwen tap dako ak Duvalier, si li te fe pep la vini konnen li ak ekri tou tankou Castro.

Men se pa sa makak la te fe, li kenbe pep la nan ignorans pandan trant lane avek pitit li pou yo te ka touye ak volo tou.
Koulye a keksyon pou nou poze tet nou eske nou dwe retounen ak sistem ki te anvan an paske nou gen anpil neg nwe ki konnen li. Milat pap ka rete sou pouvwa anko tre lontan.

Mwen poze ou keksyon an e mwen ta renmen ou banmwen yon repons.

Kom intelektyel fre mwen menm, si mwen tap vote pou entelektyel mwen ta dwe vote pou Mirelande.

Men le mwen gade vot popile pa nan kan Mirelande, pouki sa pou mwen vote pou li, si mwen konnen ke li pap pase.

Yo fe senk (5) sondaj e li pase nan yon sel e answit yon deba li pedi, alo pouki sa pou mwen ta vote pou li, paske li paka montre antan ke yon pwofese kote lap jwen lajan pou li fe peyi a mache alos ke Micky montre tout moun ke li se yon lide e li montre kote sous lajan yo ap soti e li montre ke se gres kochon an kap kwit kochon a trave bon jan gouvenans.

Tandans lan avan eleksyon an ranvese e majorite a panche ve Micky ke Mirelande.

Koman ou pral ranvese tandans sila a fre mwen. Michel deja prezidan, e si li pa prezidan Ayiti ap anba dife e nap sispan volo eleksyon.

Se pa Micky kap fe boule peyi a se KEP la li menm kap responsab sili kite peyi a boule anko.

Nan deba a, tout moun panse Madan Maniga tap montre ke li se yon profese e Micky te yon elev alos ke se Micky ki prouve li te profese li menm e madan Manigat te elev la, kote li tedi Madan Manigat Bourik ap Travay alos ke chwal ap galonnen.

Paske Madan Manigat pat fe rechech di tou avan li te vini kontre kon li ak Micky.

Li te tro kwe nan tet li kom profese epi elev la te kale li tre byen fre mwen. Pa kite fanatik pa ka fe ou konpran sak kap pase tande.

Madan Manigat pa ka prezidan san magouy e si li rive prezidan nan magouy peyi a ap anba dife, eske se sa ou ta renmen anko.

Si ou genyen konsyans e ou pa aveg wap dako avek mwen. Mwen konnen madan Manigat pi byen pase ou e se mwen ki te tradwi CV li pou mwen te kapab fe piblik la konnen li nan diaspora.

Mwen te yon nan fanatik li yo. Mwen pa atache ak peson e se sak fe ke mwen vire do ba li apre yon manti ke mwen dekouvri nan kan li an avek afe atak sou Patrice Dumont an. Se te manti e li tap chache popilarite kote pep la pa okipe li ditou.

Preval fe patizan li voye roch sou Mirelande pou di ke se patizan Micky yo ki tap atake li. Preval fe yo fe anpil magouy nan toude kan yo pou ka fe brouye eleksyon an.

Se sa Namphy te fe pou Manigat Leslie pou li te ka prezidan tou. Moun sa yo se salopri an depi de tout konesans ke yo genyen e yo ka fe nenpot bagay pou yo vini prezidan tou. Moun prop tankou mwen pa ka tete lang ak makak kon Mirelande ak Preval.

Se yon wont monche.

Preval ak tout lot moun ki enplike nan frod sa yo dwe arete tande.

Mirelande avek Martelly pat peye peson pou fe frod pou yo. Se plan Divalieris tankou Namphy ke Preval aplike.

Se yon gro wont monche! Wa tande e rete tann!

Toulimen Legran, March 31 2011, 7:56 PM

Topic: Sweet Micky Plan de Paix pour Haiti

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >

 

Messages in this topic

Se jan de atitid sa ke nou vle chanje a. Ou gen tan bay rezilta ou avan yo pibliye vot yo. Madan Manigat pa popile an... read more >
Toulimen Legran, 31-Mar-11 7:56 pm
Kombien neg san pantalon ya peye rou. Eske se place governemental ke ouap chache comme opportunist de droite. read more >
Police Des Pantalon Tombe, 31-Mar-11 11:18 pm
Le sans culotte Michel Martelli won a pair of second hand pants from Salvation Army. He lost the election because he... read more >
Absolute Truth, 31-Mar-11 11:43 pm

 

< Previous | Home | Next >