Martelly Se Fos Beton An Menm Si Ou Ta We Li Cho

< Previous | Home | Next >

Nou bezwen yon prezidan gro ponyet tankou Martelly pou mete lod nan dezod.

Ou we ke Martelly pa kontan ak jan neg yo ap dirije peyi a. Li te pran legzil deja e li pap pe kou deta tou. Zafe neg anwo ak neg anba pral fini e tout moun pral genyen menm opotinite ekonomik pou devlopman peyi a. Sak pa kontan ka di sa yo vle. Avek yon boujwazi koronpi e yon administrasyon santi kap vole chak jou e yon peyi kap detwi sou pye li pran yon moun ki strong pou jere li e Martelly pap pe negosye pou Ayisyen se sa nou bezwen.

Nou pa bezwen yon moun kap pral di nou boule, touye e detwi biznis pa yon lot men nou bezwen yon moun ki pral di bizisman yo genyen lot fason pou yo ka fe biznis nan peyi a si yo pa ta renmen la lwa mete yo anba kod. Se pou tet sa mwen sipote Martelly paske li ka di yo fok yo chanje mantalite yo si yo vle Ayiti chanje e BOOT sistem ke Martelly pral itilize a ap fe peyi a mache tre byen.

Nou pral we sak pral fet nan peyi a nou tout kap kritike la gen pou sezi tande!

Toulimen Legrand, March 12 2011, 5:03 PM

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >