Mwen dako Aristide dwe rete apa nan politik peyi Dayiti e se...
< Previous | Home | Next >
Reply to Msg 27180
Mwen dako Aristide dwe rete apa nan politik peyi Dayiti e se pou li chache yon lot sekte tankou nan edikasyon pou li ede peyi a devlope tet li. Si li pa fe sa yap touye li ou byen lap retounen nan legzil anko. Tande, se oligachi a ki te mande Georges Bush ak Chirac retire Aristid an Ayiti.
Aristid li menm te pedi kontwol peyi a tou. Sa li te dwe fe se te reyoganize yon eleksyon san li pat kandida e pep la tap chwazi moun ke li te sipote a le ou pedi tout sipo entenasyonal pou peyi ou. Se oligachi nan peyi Dayiti ki fe Ayiti tounen restavek yon kominote entenasyonal paske yo pa envesti ase an dedan peyi a pou kreye job bay pitit peyi a. Yo fe Ayisyen tounen mandyan e yo kole bouda yo sou welfare Diaspora (asistans diaspora) nan peyi etranje yo.
Pou Ayiti sispann fe domestik lot peyi nou dwe prodwi anko e nou ka rive nouri pep nou e sil le fo ekspote manje anko nan peyi etranje.
Yo mete Aristid, Namphy, Cedras, Avril, Jean-Claude Duvalier deyo avek kou deta e sa ki regle anyen e se pi mal Ayiti vini pi mal. Li le pou nou di ke legzil fini pou tout moun e egzile politik yo dwe tounen nan peyi a lib e libe e yo ka ede Ayiti nan lot domen olye politik.
Yon gran tet tankou Ertha Trouillot ta dwe an Ayiti e pou ki sa se Venezuela kap pran tout konesans jiridik ke li genyen yo. Li ta ka sevi peyi a nan refom la jistis ke nou vle fe andan peyi Dayiti.
Frem, mwen vle pou tout egzile tounen lakay yo e mwen ta renmen ke yo chwazi lot sekte nan peyi a pou yo ede olye politik paske lakay se lakay.
Map mande Martelly pou li di nan diskou envestiti a ke li ouvri pot Ayiti ak tout Ayisyen ki vle tounen nan peyi yo paske konstitisyon an di pa gen egzil pou pyes Ayisyen.
Mwen dako ak ou ke Aristid dwe tounen e rete lwen politik si li pa ta renmen yo fouke li ou mete li anba kod anko. Ke fos Gran Met La gade ou e beni jou wap viv yo!
Toulimen, March 12 2011, 10:00 AM
Topic: Aristide est un malheur pour Haiti
Start a NEW topic or,
Jump to
previous | Next Topic >
< Previous | Home | Next >
Messages in this topic
< Previous | Home | Next >