Kite'm di ou yon bagay, Obama te kon fimen drog e li te tonbe...

< Previous | Home | Next >

Reply to Msg 27136

Kite'm di ou yon bagay, Obama te kon fimen drog e li te tonbe nan move zanmi e apre li retounen lekol li gen diplom e koulye a lap dirije peyi Etazini.

Michel tre onet li pa nye ke li te konn di betiz oubyen fimen boz tankou Obama e desann pantalon li tou. Men li monte pantalon'l apre li te konn desann li. Moun sa yo ke ou genyen la desann pantalon yo nan peyi a depi 26 lane. Yo tap kouri deye koripsyon ak vole e yo pi vole e Lesly Maniga di ou menm ak yo se Vomisman Chyen.

Ki sa ou di nan sa, ou dwe rele fanmi ou tou swit e di yo ke ou pa vomisman chyen e ou pa ta renmen yo vote pou Mirelande.

Li pa tro ta paske ou pral wont nan dis prochen jou kap vini an.

Pou ou dirije yon gouvenman ou bezwen lajan e si sekte prive a ak kominote entenasyonal la pa ba ou sipo wap tounen menm bagay e pi mal ke moun sila yo kap dirije peyi a koulye a. Ayiti bezwen moun ki onet, sense ak moun ki entelijan pou dirije li. Moun ki ka mande lot konpayi rantre nan peyi a e konstwi nouvo ayewopo, wout, lekol, pon, sant dacha, ak sant espo tou e kote yap jere li avek patneship leta Ayisyen an. Isit ozetazini, sekte prive a se biznis ki soti nan peyi lafrans, canada, anglete e latriye kap jere yo nan yon patneship ke yo rele global maket la. Se sa Ayiti bezwen tankou la dominikani.

Dominiken fe li e lot ti peyi yo fe li tou alo pouki sa nou pa ka jwen kontra sa yo tou?

Martelly pral siyen kontra avek yon gro group deyo peyi a ke yo rele OLIGOPORL pou fe tout travay sa yo antre nan peyi a. Pep Ayisyen bezwen manje, wout, kay, desantralizasyon, sante e lekol patou nan peyi a. Kandida ou a pa ka delivre promes sila yo. Martelly deja gen kontra ak Microsoft pou envesti nan lekol an Ayiti e entenet pral jwet pou devlopman pep Ayisyen.

Ayiti pa bezwen moun ki gen doktora pou dirije li, li bezwen moun ki smart e entelijan tou ki ka groupe tout moun ki konnen ak li tankou Barak Obama ak Martelly pou devlope peyi a. Michel di Obama ke Ayiti pa yon peyi pov e li pa vini mande nan peyi isit pou fe kanpay li e tout gro radyo tankou BBC ak RFI di ke li grenn nan bouda li si li ka di prezidan lemond lan yon gwo pawol verite konsa.

Se pou tet sa mwen apiye Micky pou kouraj li ak fyete li devan Ameriken.

Li entelijan, li konn gou jol li la pral devlope peyi ou a ki anvlope depi 26 lane nan men Aristide/Preval/Manigat/Celestin.

Mwen genyen 2 bakaloreya papye nan men mwen ak 2 maste papye nan men mwen e map etidye pou mwen genyen doktora mwen alo eske sa vle di ke mwen konnen pase tout moun?

Non. Mwen renmen lekol e mwen vle genyen papye sa yo. Sa ki enpotan an se intelijans ak fason ke ou ka fe bagay yo pou a ka jwenn bon rezilta ki enpotan.

Si gouvenman Ameriken an pat ka bay pep li ya manje majik food sa yo, yo tap leve nan bouda li e yo tap brile peyi a tande.

Pep Ayisyen pa bezwen moun ak doktora pou jere peyi a, li bezwen moun ki entelijan ki ka bali manje e ak bezwen premye yo, se sa kanpay Michel la reprezante tankou kanpay Obama.

Li pa bezwen moun ki sanktifye ou byen ki sen pou jere li men li bezwen moun ki SMART e INTELLIGENT pou jere li. Mwen swete ke ou konpran apel sila. Mwen menm ki ekri ou a tout sa ke mwen reyalize ke mwen konnen mwen we ke mwen pa konnen anyen ditou men mwen SMART e mwen INTELLIGENT se sa ki fe mwen pa soufri nan peyi Meriken an. Se fini e mwen envite ou anbake nan tren an avan li tro ta tande.

Toulimen, March 10 2011, 1:08 PM

Topic: Madame Manigat:: Le Senat N'est Pas La Haute Cour De Justice

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >

 

Messages in this topic

1 - 10 of 44 « First  ‹ Prev  1 2 3 4 5  Next ›  Last »
Vous ne comprenez pas vous meme le Francais ecrit et alors pourquoi perdre mon temps de relire une notion que j'ai... read more >
Toulimen, 10-Mar-11 10:10 am
Mr tolimen mwen vle reponn ou an kreyol Nou sanwont anpil nou menm nasyon sa, pep san figi sa, pep san pudeur sa, ou... read more >
Nessye, 10-Mar-11 12:28 pm
Kite'm di ou yon bagay, Obama te kon fimen drog e li te tonbe nan move zanmi e apre li retounen lekol li gen diplom e... read more >
Toulimen, 10-Mar-11 1:08 pm
Moi,etudiant en scies info a Uniqua de vrai et et de principe je me sens eperdument blotti par cette declaration de... read more >
Medilove, 10-Mar-11 3:23 pm
This is to rpove the true reality of our own proverb that says "Pale Franse pa di lespri pou sa-a." Unfortunately most... read more >
Tiba, 10-Mar-11 3:59 pm
We (Tiba, Middy, Linda,Toulimen, Jean etc) have discussed most of the issues argued on the last candidates' debate and... read more >
Toulimen, 10-Mar-11 4:38 pm
Je ne comprends pas comment elle a fait une betise de meme en tant qu'experte en constitution. Je doute de ses... read more >
Toulimen, 10-Mar-11 4:48 pm
Martelly won the debate hands down It wasn’t predictable since Mrs. Manigat has always presented herself and has... read more >
Mmc, 10-Mar-11 5:24 pm
She is too old Tiba and you must forgive her. I don't think that Haitians will vote an old person like her with an old... read more >
Mireille, 10-Mar-11 11:25 pm
Mireille, Sadly to say it but Haitians do have a great facination for OLD people running their government. The Haitian... read more >
Tiba, 11-Mar-11 6:12 am
1 - 10 of 44 « First  ‹ Prev  1 2 3 4 5  Next ›  Last »

 

< Previous | Home | Next >