Pwezidan Kanaval pa gen sans ane sa

< Previous | Home | Next >

Pwezidan preval
Desizyon pou oganize kanaval ane sa, se yon foli ki tradwi mank pitye Dirijan nou yo ki pwofite jwe sou mank bon sans pèp la. Nou menm Nan KLEB JOSE MARTI NAN OKAP nou kwè se menm yon temwayaj d enkonpetans ak mank sans resposabilite dirijan yo. konbyen tan sa genyen depi katastwof natirèl la touye kantite frè ak sè nou yo poun deja bliye evenman tromatizan sa?

An konsekans, konbyen moun ki anba tant yo ak to fanm vagabon san fwa ni lwa ap vyole?

Kilè yap soti la?

Konbyen ti moun ki pale lekol akoz paran yo ki mouri nan evènman sa?

Kisa leta fè ak di nan sa?

konbyen estwopye andikape ak sinistre ki se rezilta tranbleman tè a pou nou tèlman kontan poun oganize kanaval ane sa?

sanble pitye pa pou nou menm kom Dirijan! sanble bon sans manke nou seryezman!Ki avni Ayiti ak fom Dirijan sa yo. Pwezidan konbyen viktim wap tann pou ajoute sou sa tranbleman tè a te fè nan kanaval gwangou sa?

Nou sezi wè AYITI sanble pa gen AVNI ak mod Dirijan sa yo!

Nicolas Ronel, March 7 2011, 9:17 AM

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >