Eske Moun Ki Edike Dwe Defan Pov Ou Byen Rich?

< Previous | Home | Next >

Reponn keksyon sila a mande anpil refleksyon paske edikasyon ke ou resevwa ke se nan men blan oubyen nan men boujwazi peyi ou, li fe yon lavaj sevo nan ou menm pou ou ka vini rich e answit defann entere moun rich yo. Pou reponn keksyon sa a ou kapab fe yon chwa. Defann moun pov pap pote lajan ba ou e ou ka mouri paske moun rich yo achte zam bay moun pov yo pou tire ou menm kap chache defann yo. Pi bon zanmi moun rich yo se peyizan yo ou moun ki pi pov yo. Rich pa renmen moun ki edike paske moun ki edike yo ap fe yo pedi lajan ke yo genyen an. Se sak fe ke edikasyon yo a fet pou yon elit e se selman moun ki pami dis premye yo "yon sek visye".

Mwen menm mwen fet pou defann tout moun ke ou te pov e ke ou te rich. Mwen ta renmen nou tout rete an sante e ke nou konnen sa nap manje ak bwe. Se pou moun rich la respekte pov la e se pou pov la respekte moun rich la tou. Mwen pa bezwen riches pou mwen defann tou de klas sa yo. Men avek bon jan lanmou map mande rich la sila prale ak tout riches li yo anba te a tankou lot sivilizasyon yo te kon fe. Se sak fe nou gen rechech akeyolojik kap fet nan ansyen tomb moun rich yo kote yap cheche bijou presye ak lajan ke moun sa yo te antere ak yo. Bi mwen se defann tout moun e fe nou renmen yon lot. Se pa riches ki pou fe nou siperye yon lot men se kalite sevis ke nap bay yon lot e se jan nou ede yon lot viv kap etabli siperyorite sa.

Map di ou se yon gran peson le mwen we wap sevi lot ak tout ke ou. Se telman gen mize an Ayiti ki fe gen krim konsa e rich yo pwofite de krim yo pou yo ka vini pi rich tou e krim sa yo pa ankouraje envestisman tou andan peyi a. Mwen ap defann nou jiskaske CIA touye mwen e se sou bal yo ke pawol mwen ak defans nou ap fini. Yon rezon ki fe nap touye e devore yon lot se paske nou pa gen lanmou e nou kite ke nou gide pa ignorans tou. Se ignorans ki koz soufrans nou paske nou kwe ke pou nou dwe pran tout pou nou san lot yo pa ladan'l. Le nou konnen ke nou pa prale ak anyen anba te a e riches pa ka bannou la vi le nou pral mouri, nap ede yon lot e se sa kap fe nou vini yon gran peson sou la te. Ke BONDYE beni nou tout ke se sa ki renmen mwen ou rayi mwen e mwen ap defann nou tout ke nou rich oubyen ke nou pov. Map rive domi le mwen konnen ke nou tout genyen yon kote pou nou domi e nou ka manje twa plat manje tou pou nou viv. Riches, lajan ak byen materyel pa ka banou la vi le li le pou nou mouri.

Ke BONDYE beni tout...TOULIMEN

Toulimen, February 21 2011, 12:13 PM

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >

 

Messages in this topic

Mouin pa rayi parol ou ditou Toulimen e map mande ou koue ke ou ka rive defann moune pov an Haiti vre jan ou di li a... read more >
Soufrant, 21-Feb-11 12:35 pm
I am not good with my Creole but I understand it well through your writing. You are a true honest Haitian on this... read more >
Patrick, 21-Feb-11 6:46 pm

 

< Previous | Home | Next >