Prev la fasil monche si yon elit ka deklare ou li fe plis...

< Previous | Home | Next >

Reply to Msg 26746

Prev la fasil monche si yon elit ka deklare ou li fe plis lajan ak moun deyo peyi a, ke moun ki andan peyi a, eske elit sa ap janmen kreye job pou moun ki andan peyi a ka vini endepandan de nou menm kap travay deyo peyi a. Yap kreye sevis pou nou epi pou yo ka fe lajan sou nou menm, yo pap kreye job pou moun yo, monche sa destriksyon yon peyi. Le yo pa kreye job pou moun yo andan peyi a, nou menm se nou kap okipe yo ak lajan nan poch nou paske gouvenman ak elit la demisyone.

Yo fe moun an Ayiti vini tounen ti visye e yo dekouraje yo tou pou yo pa chache travay paske yo gen moun lot bo dlo ki ka voye lajan bayo.

Pandan ke G-8 peyi yo ap chache jete gouvenman diktate nan peyi Mwayen Oryan yo map mande yo pou yo ede nou ranvese tout parese ke se swa elit ou manm gouvenman ki pap kreye job pou Ayisyen yo. Nou tounen esklav pa bo isit nan voye lajan bay moun an Ayiti e de fwa nou pa ka rive peye bil nou pa bo isit. Si yo te kreye job oubyen te gen sekirite, moun yo te kapab devlope ti komes yo e nou menm pa tap bezwen ap voye lajan bayo tout tan paske yo genyen ti biznis kap mache e sa tap diminye depandans yo anve nou. Moun yo di ou an Ayiti si yo ouve yon ti biznis se moun rich yo menm ki voye atoufe yo al kase kay yo epi touye yo tou.

Li ka se manti e li ka se yon fason pou yo ka toujou jwenn lajan nan men nou tou. Men elit la ak gouvenman pa fe okenn jefo pou kreye job pou chanje kondisyon sila tou. Ou pa konnen kiyes kap fe manti.

Resilta de tout anket la montre ke moun sila yo pa ta renmen nou tounen lakay vye fre li tris tande.

Mwen kwe ke li tre kle pou ou koulye a.

Toulimen, February 21 2011, 10:28 AM

Topic: Haiti Should Be The Retirement Place For Haitians And Not For Americans

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >

 

Messages in this topic

Toulimen, there is NO WAY ON EARTH that there are 47,500 American retirees in Haiti, period. I think our conversations... read more >
Rooster, 19-Feb-11 8:40 am
You are in denial of yourself because you are an ethnocentric person like all Americans. CNN was the one to state that... read more >
Toulimen, 19-Feb-11 10:57 am
How old are you and how do you know all those stuffs? I am in my 50s but I don't know all those stuffs. Thanks for... read more >
Esther, 19-Feb-11 11:50 am
He knows all these things because he invents them. read more >
Rooster, 19-Feb-11 12:23 pm
monche...post sa frapem nan zo telman li tombe direk nan wout kalkil mwen konn fe sou posiblite tounen Ayiti.Se premye... read more >
Negsanyan, 21-Feb-11 1:37 am
Prev la fasil monche si yon elit ka deklare ou li fe plis lajan ak moun deyo peyi a, ke moun ki andan peyi a, eske... read more >
Toulimen, 21-Feb-11 10:28 am

 

< Previous | Home | Next >