Mta rinmin ke tout neg an ayiti yo bouke viole fi

< Previous | Home | Next >

Wi ti mesie kisa ki sex la. Eske se fose on fi ou bien fo fi ya anviw epi ou dil wi. Gade tande Mesie, nou chita ap fe fi sak mal li pa bon.

Ahhhhhhhhh mwen sezi se pa de plent fi an ayiti yo ap pote'm. Gen kek moun ki panse se vie moun la ri ki ap fe travay la selman.

Anmwey oh gade de neg. Fo yo komanse chatre neg san sal yo ki ap plede viole fi yo nan peyi ya. Ah mwen jwen on dosie, on ti malerez ki al mande on gwo avoka prete on ti monen poul sove vil.
Avoka dil vini lakay li, la pretel lajan an. Wi li ale, misie violel.

li pedi paspol, tel li kat ditantitel nan kouri.

Ti fi ya vinn anseint.

Ah jou'm ta gen brigad rouj mwen yan se moun sa yo ki ap fe krim sa yo ki tap merite puni.
Lem rele o sekou tout moun pe paske neg la gen kob li ka fe touye ti fi ya, fe kidnapel fe tout sak mal. Men bondie kijan fe la fam ayisienn ap soufri anba neg yo konsa.

On sel ti bagay mta ka di Prezidan, mwen twouve ke fi yo sipoze ame yo kont tout injistis sa yo. Si on fi pran on vi on neg nan violel li bien pranl.

Mwen se on gason ki ap defan dwa fan'm. Sa sipoze sispan fet. Se kouwe se pat on manman ki te fe nou mesie.

Mwen on vre neg gason ki rele gason wi. Se paske mwen bouke ak neg sou te ya ki ap fe fi tout abu bayo tout non.

On neg ki ap viole fi deyo wa egal ak vole. Tout neg fe on ti reflexion sou sa aaa. Tan dat neg ap touye moun nan peyi dayiti fi yo rete bouch be, yo gen tout poblem yo pov yo gen poblem sante.

A ba tout neg ki pa ka bay fanm proteksion.

Nou se on bann lach, nou fem pe nou bann kayen bannn san ke. Wouch mwen bien nan pom paske mem si on fi ta ouve bagay yo ban'm, mka gen kouraj pou'm di non mesi. Wi mwen fel deja. Paske on gason pa sipoze pi mal ke on bet....

Mvle yo mete on lwa pou proteje fi, mpral mete on bagay sou mache ya pou fi mete sou ko yo depi on neg te mem manyen yo san konsantman yo pou yo ka jwen sekou.

La te ya bouke ave nou neg ki mechan yo. Di bondie chanje ke nou siw se on patron pa mande on fi bal sak devanl lan poul ka travay se on wont mezanmi wouch.

Plent fi nan peyi dayiti potem mwen tap vle fe on antant ak Monsieur Preval pou'm ta depote anpil malfezan nan peyi dayiti an afrik kote yo te gen orijin yo wa. Pou yo te ka kite fi nan peyi dayiti yo gen on souf. An nou bouke touye moun sa nou panse de mete vi sou moun.

Nan on ti moman te sa pral pase. Na gentan konen tande chita fe mal na gintan we sa bondie ap fe ave nou. Fi ayiti yo bezwen travay yo pa bezwen patron ap mande yo pou yo bay ko yo. Mwen vle fe on revolusion trankil ak tout fi nan peyi dayiti yo. Pou yo di a ba tout neg ki ap fe fi mal.

Mpa ka tande bagay sa yo, kem sansib twop. Se on antant mta fe ak Mesie preval.

Pou'm ta fe tout fi peyi dayiti ki ta vle kite peyi ya pou vini kanada ou ale viv ozetazini.

Paske vi ayiti ya pa bon pou fi...

On neg ki vole on fi se on gwo malad li ye. Bouke vole fi bann san zave. Nou fem wont. Yo potem plent pou nou.

Mesie preval edem mwen tris, ak tout vie zak sou fi yo nan peyi ya. Peyi dayiti a chanje wi le yo bouke fe fi yo linjistis ak mal.

Fo nou tout ka konen ke on fi bezwen proteksion pa pesekusion.

On gason ki ap fe fi mal pa sipoze mache sou moun. Fo yo metel on kote pou li pa fe sa anko.

Fi yo pran kouraj se nou ki kinbe peyi ya. Pa gen anko apre nou ki ap fe bagay yo mache.

Fi peyim yo pa bliye ke se nou ki sel peyi ya. Pa bliye se nou ki pafun peyi ya. Pran kouraj.

On jou si preval te ka awolem pou'm fe neg yo respekte fi yo. Mtap fel vre. Tout patron ki ap fe gwo zak sou fi yo. Mtap fe yo peye amand anpi tou Tout neg ki ap plede viole fi yo an sekre yo. Mwen pap di nou anyen.

Men tou on jou Na peye sa.
Si se pat fan'm dayiti yo peyi sa tap on deze. Fom fe lwanj pou fi peyi'm. Anpil neg toujou ap kritike fi men yo pa jan'm vle kritike tet pa yo.

Mwen bay fi nan peyi dayiti anpil konpliman.

Paske se yo ki ap kinbe peyi ya. Mpa ka dako ak kek Neg ki ap mete on pitit nan vant on fi jete yo.

Medam pa pran fo mamit tande.

Gason toujou ap bay bel promess men anpil de nou gason se manti nap bay pou sex, pou plezi.

An nou bouke bay fi yo manti.

Wi mtande gen fi ki de ou twa neg tou nan vi pa yo

Mpap ka kritike fi yo pou sa paske anpil neg nan peyi ya se sa aa yap fe selman koleksion fi.
Depi se on fi ki fe on ti bagay woy se poblem se on gason se pa anyen

Se sa ki pa bon wan. Avan mwen kritike moun fom ka kritike tet pa'm avan. Wi fi yo bezwen bon sekirite pou yo ta mache le yo vle san peur.
Gason sou te ya vinn tounen on menas pou la vi fi yo.
A ba tout neg violan violans pa bay.
fo nou ka bay lanmou pou nou jwen. Si nou fe mal nap jwen ak rekonpans nou tou.

Medam pran ke tande.

Epi tou regroupe nou pa di ke moun pral fe sesi sela pou nou. Fo se nou tout ki mete fan'm sou nou. Yo abuze nou twop. Li pa bon. Fi yo pa bet. Anpi tou si on neg li pov anpil pa mete ti moun vinn pase mize sou te ya.

siw pa gen anyen pou viv, priye bondie a lage on bagay nan menw. Se le li tan pou tout ayisien tap mete men nan la men pou youn ede lot.
se konsa li tap pi bon.

an nou bouke fe mal. Si se mal la nou vle fe se Pitit Diab la nou ye. Nou konen ki fen diab.
ah pito nou rekonsilie ak bondie anpi nou pap bezwen la polis.

Fo nou respekte lwa yo tou.

An nou tout pale de ekonomi pito ke de politik.

Mesie Preval nan la vallée de jacmel la aa nou bezwen wout de jacmel a la vallee ya fet. Ou gen potansiel la fel.

Mta rinmin we gen lanmou nan ke nan peyi ya. Sak panse vole, chache kite sa.
sekirite ya se nan ke li komanse.

Juan Las Casas Protecteur Des Femmes, July 28 2007, 5:42 AM

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >

 

Messages in this topic

Mwen ansanm ave w sou koze sa a. Men mwen pa ta swete ke se yon senp swe paske koze vyole fi a li senp pou vyole yo... read more >
Jean-benito Mercier, 28-Jul-07 12:51 pm
mwen dako ak w tou fi haysyenn,yo dwe veye zo yo. read more >
Ruth Morissaint, 28-Jul-07 1:34 pm
Mwen kanpe ak tout fi yo pou'm mete tout san ave yo nan kaj pou yo bouke terorize sex feminen yan. Se paske se on... read more >
Le Protecteur Des Femmes Juan Las Casas, 28-Jul-07 4:08 pm
mwen di'w mesi pou bel pawol sa a ou patage ak nou memm famm haityen. mwen fe pati de gwoup zammi fi k' ap reflesi ak... read more >
Pierre Marie, 10-Aug-07 11:17 pm
Mwen neg jacmel protekte fi ayisienn nan peyim. Mwen te bien planifie ede on ti moun nan peyi an deyo zonn St-Marc. Wi... read more >
Jc Le Protecteur Des Femmes, 13-Aug-07 7:08 pm
hi my name is also guerlande and im 22 years old and i was wondering wwho wrote that,,, cpntact me versatyles101 at... read more >
Guelande, 20-Apr-09 9:27 pm

 

< Previous | Home | Next >