Dim sa kap pasé la a...

< Previous | Home | Next >

Bon, mta renmen konnen pouki sa yo pran pèp Ayisyen,
mwen di yo...

paské mpa ka konprann sa kap pasé nan péyi sa a,
yon eleksyon fin fèt, tout moun wè ké se magouy, tout bagay tèt anba,
épi jodi a pou nèg yo konprann se yon organisation kap soti létrangé ki pral vini pou rekonté vwa ki pou pèmèt eleksyon yo akseptab, tandiske nèg yo gentan fè kont ralé menene vini yo, tout sa ki té landwat deja tounen lanvè.

ki koté konfians sa a yé la, pou yon moun ta kouè nan Zafè l'OEA kap vin rekonté vwa.
Mézanmi fok nou lévé kampé pou nou mandé mésié yo, Nasyonal kom entènasyonal ki dlo santi yo bezwen fè nou bwè la a, mtrouvé nou ba ampil, nou pèdi tout chwa nou, kouniè a se moun kap chwazi pou nou, ki fè Jodia Préval Prézanté nou yon jènonm kité konn pasé nwit li nan bwat de nwit an swiss pou prézidé nou,épi sak pi rèd la ou tandé yon bann Ayisyen ap Rélé msié engeniè Celestin, se nou menm nan grann pati ki koz tout briganday sa yo nan péyi a, mézanmi ouvè jé nou pou nou sové péyi dayiti, fok nou chanjé mantalité...

Patcheko..., December 30 2010, 2:39 PM

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >