Jean Pierre, Poukisa ou pa mande tet ou ki le tout violans ak...

< Previous | Home | Next >

Reply to Msg 25432

Jean Pierre,
Poukisa ou pa mande tet ou ki le tout violans ak rayisans ak mechanste sa yo ap fini an Ayiti?

Ou pa santi ou wont pou se ou menm k-ap ankouraje tout violans ak mechanste sa yo?

Ou pa santi-ou gennen le w-ap itilize kompite pa-ou pou ou preche krim ak atwosite nan peyi Dayiti?

Le w-ap tape tout vye pawol mechan sa yo eske pa gen moun bo kote ou?

Ou pa gen pitit nan kay ou k-ap li sa ou ekri?

Ou pa gen paran ak fanmi k-ap li pawol ki soti nan ke-ou?

Mon cher, fe atansyon, gen dele sa-ou swete pou belme-ou se sou manman-ou li tonbe.

W-ap swete pou male tonbe sou Prezidan peyi mwen.
M-ap priye pou Bondye pou li pwoteje Prezidan Rene Preval ak fanmi-li.

Le ou fin voye malediksyon ou yo ale si Bondye pa kite yo tonbe sou Prezidan-an, ki kote ou panse y-ap tonen vin tonbe?

Se malediksyon pa-ou yo ye wi!

Fe atansyon tande!

Mon cher, si ou renmen tet ou?

Si ou renmen pitit ou?

Si ou renmen fanmi-ou?

Lage de genou-ou ate konye-a pou ou mande Bondye pou li defet tout vye pawol sa yo ou te di-a anvan you tounen vini tonbe sou youn moun, paske nan Non Presye Jezi-Kri yo pap tonbe sou Prezidan peyi Dayiti-a: Prezidan Rene Preval.

Rev. Gideon Dessalines, December 9 2010, 7:56 AM

Topic: Chin gin figi pase preval.

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >

 

Messages in this topic

Jean Pierre, Poukisa ou pa mande tet ou ki le tout violans ak rayisans ak mechanste sa yo ap fini an Ayiti? Ou pa... read more >
Rev. Gideon Dessalines, 9-Dec-10 7:56 am
ou minm kab vole lagan fidel yo pa wont. si ou te nan plas preval ou tap fe min jan sou parol ipokrit ou yo. preval... read more >
Jean Pierre Alexandre, 11-Dec-10 9:43 am

 

< Previous | Home | Next >