Sispann voyé tenten apre plis ke 2 siek lib

< Previous | Home | Next >

Marciana H. Rodriguez Says

Mpap janm antré nan sa wap di la a kom alibi, wap palé de san lafrik mté kwè se san lafrik la menm ki mété nou nan nivo nou yé

ou gen lè pa wè eta kontinan afriken an, ou wè ki jan Ayiti yé la a
gen yon bann péyi an afrik ki pi mal pasél anpil anpil

poutan se kontinan ki pi rich sou tè a, pouki sa ou pa di nèg nwè tro visié, se sa ki fè yo pap janm réglé anyen yo prèt a fè tenten pou nenpot ti lajan

epi keksyon se milat kap fè ceci se milat kap fè cela tout sa se pwopagand
pou kisa 99,99 pou san prizonié an ayiti se nèg nwè parèy mwen yo yé
gen se pou krim pou kidnapè,zenglendo, se milat ki mété yo nan prizon

Lè yon seri de moun diw ke Ayiti se lafrik de lamerik se paské pèp Ayisyen ak péyi dayiti, akoz de yon bann volè trouvél nan menm sitiasyon ak yon bann péyi an Afrik koté moun ap soufri tout bon vré,tout volè sa yo se milat yo yé

ki sa san lafrik la poté pou ou, olié pou nou chanjé mantalité pou yon denmen miyo nou pito chita nan polemik ki pap itil nou anyen

de tout fason tout nèg kap voyé mouté sou blog la se nèg kap viv nan péyi blan ki bezwen pou Ayiti koulé, ki fè lè yo bezwen chouté yo chouté jan yo jwenn san refléchi

épi sé anba bouch blan an yap byen mennen, piès nèg paka roulém nan farine
pouki nou pa dessann Ayiti al viv ak lot maléré yo anba a, lè sa a ma konen ké nou se bon nasyonalys.

Patcheko..., November 14 2010, 6:53 PM

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >