mwen pa Fanatik

< Previous | Home | Next >

M'se nèg nwè mwen yé,mpa bay nèg nwè fè anyen pou mwen mpa nan fanatik, ni mwen pa gen entansyon voté pou yon nonm paské ou se nèg nwè,menm jan ak mwen, mvlé pou Ayiti gen yon dirijan ki kapab,

pou chanjé sistèm ti visié ki fè nou paka avansé a, yon Prézidan ki konnen sak rélé anvironneman yon prézidan ki pou soti moun latibonit nan zafè bwè dlo kannal e se pa moun latibonit sèlman, pèp Ayisyen ap maché sou dlo épi yo paka jwenn bon dlo pou yo bwè.

kél te rouge, Jaune, blan, Milat, nou bezwen yon bon Prézidan.

Ayiti tankou se yon péyi ki modi, gen lè se bondié kap aji kont mechansté
gen trop mové zak ki fèt nan péyi sa a
koté moun ap boulé krétyen vivan pou dan griyen, bondié faché li pa kontan,
sa se rezonman pam, mta renmen pou yon moun dim nan ki péyi ozalantou Ayiti ke nou wè yap mete moun nan difé pou yo boulé.

Dim nan ki péyi nou tandé chèf léta volè pitit pèp la pou pilé nan pilon
pou fè simagri pou rété sou pouvwa.

mpa kwè nou bezwen alé lwen pou konprann sa kap rivé jodia nan péyi dayiti.

Jodia si Dessalines, Toussaint ta lévé gen nèg ki tap pran anpil kalott, paské yo pap jwen piès ankourajman pou sa yo té fè a.

Jodia mpa rété anpil pou di ke mwen regrèt kem te nèg nwè paske nou méchan trop.
épi tout nèg ki konprann kap vin dim raché tèt poul ak bannann aché maï griyé nan kalfou se la kilti, yo mèt gadé kilti sa a pou yo, men se pa pou mwen.paské lè blan ap travay pou avni péyi yo, nou menm se vèvè nap trasé nan kalfou mta renmen wè ki koté nap rivé ak sa.

kilti pam nan se Bondié nan sièl la ak konnesans ke li bay lézom nan nivo teknoloji pou fè avansé e restoré linivè.

m remaké Charles Henri Baker gen yon bon pwogram pou Ayiti, anplis li té palé zafè dlo moun latibonit ap bwè nan konférans Miami an

Prézidan kap vini an fok li gen talan fok li konn administré paské chantié a énom.

Patcheko..., November 14 2010, 12:31 PM

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >