Patcheko, sa ou di la gen anpil sens. Haitiens dro comence...

< Previous | Home | Next >

Reply to Msg 24797

Patcheko, sa ou di la gen anpil sens. Haitiens dro comence compren sa ki ap pase yo, sa ki ap pase Haiti san ke yo pa longe dwet sou mouche blan. Haitien dro pran consiens ke problem Haiti se nan men yo sa rete, problem Haiti pa rete nan men pies moun enko ke yo menm mem.
Vodoo a ce yon lot afe delica.

Vodoo a ce lame pep Haitien, li se kilti pep la.
Anpil moun confon magi noir avek vodoo.

Deu bagay sa yo diferen.

Vodoo li ki dirige vie kiltirel pep la, vodoo a pa yon move espri.

Magi noir lan menm se satan net. Ce Magi noir a ki fe moun mal, ki tue moun. Mezanmi an nou pa mete deu bagay sa yo nan menm diakout.

Mren menm pou tet pam, mrin wre ke chritianite ce pa yon move religion.

Chritianite vini pa bon pou Haitien parceke yo te force religion sa yo sou peuple lan san yo pat mande pep lan consentmen li. Yo te critike vodoo anpill.

Yo te menm defen pep la pratike prop religion yo ke yo te soti en Afrik ak li.
Vodoo vini tounin yon religion anba table.

Yon religion deuxieme classe, yon religion honteu.

Ce raison sa yo, le yon moun monte nan yon pli gro classe sociale, yo honte di ke yo se vodooisan, ou bien fanmi yo se vodooisan.

Kote pep la mele se le ke yo ap servi tou deu religion yo ensemble.

Li vini rend yo confus.

Yo pa tro sur ki chemin pou yo prend.

Kote ki pi mal la toujou ce parceke christianite an ce yon religion blan ki te force par blan sou esclave yo.
Vodoo ce yon religion noir ke esclave yo te pote avek yo en Haiti, ce pa yo net. Anpil Haitien profese ke yo se chretien devan societe an. Menm lakay yo toujou gen yon ti houfor.

Sa vini bay pep la yon gro complex...

Solityon an ce mete Vodoo en anle societe Haitienne nan, mete li sou menm plan avek pale kreol comme lang legitime de pep lan. Alors, Religion legitime de pep lan tou ap vini Vodoo.

Zafe ce blan ki ap decen peyi a, ce blan ki ap tuer nou, ce blan ki ap fe nou mal. Zafe sa capab mennen nou tres loin si nou pa sispanm makakri sa a.
Tout moun ap vire do ba nou. Haitien pral continuer devorer lot Haitien pi plus e pi feroce toujou.

Pe et ce bagay sa ki kapbab fe fin pep Haitien.

Dieufaite St. Fleur, November 7 2010, 1:12 PM

Topic: Se toujou moun kap fè nou,koté pwogrè pa nou

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >

 

Messages in this topic

Patcheko, sa ou di la gen anpil sens. Haitiens dro comence compren sa ki ap pase yo, sa ki ap pase Haiti san ke yo pa... read more >
Dieufaite St. Fleur, 7-Nov-10 1:12 pm

 

< Previous | Home | Next >