Se toujou moun kap fè nou,koté pwogrè pa nou

< Previous | Home | Next >

Tout sa kap kriyé kap defann vodou, ki kwè ke vodou gen yon bagay sérié ladan
map souwété nou bon vodou.

yon sèl bagay mkonnen pandan nap bay lwa manjé
lot nasyon ap étidié téchnolojipou fé avansé péyi yo
épi aprè na di se lot moun ki réfizé nou avansé,
si vodou te bon se nou menm Ayisyen ki tap jwen li.

yon bannmoun fou kap di sé vodou ki té libéré Ayiti, pou mwen menm sé pi gro manti
si sété Jodia nou te pran endepandans
nou tap jwen djakout mizik, Kréol la, Carimi,septentrional, tropikana ak tout lot gwoup mizikal Ayisyen pou fété.

konpatriot nou yo a lépok pat gen lot anbians se vodou a yo té genyen yo fété endepandans yo avek li,épi se tout.

an Afrik koté vodou a soti a Togo, Bénin, jé moun yo komansé ouvè,vodou vin pa genyen valè pou yon bann nan yo, yo menm déklaré ke sé yon rélijion destriksyon.

daprè yon sondaj ki fèt e pliziè repotaj, Ayiti jodia nimero 1 nan zafè vodou
pouki sa nou bezwen alé lwen pou konprann rezon ki fè nou nan nivo nou yé a

lè tout moun ap pwogrésé nou menm se malfèktè nap fè
épi aprè se moun ki fè nou paka avansé
nou fout kondané tèt nou nan simagri epi nap bay lot moun poté chay.
fok nou fout sispann modé dwèt kap banou manjé

nap palé blan mal tout la jounen,épi nou tout bezwen pati nan peyi blan
si nou pa chanjé mantalité tandé na tandé lot péyi ap avansé
komansé par sendomeng ki sou menm zilé ak nou.

Vodou fè nou tounen Kanibal, ni nou pa honte nap defan malediksyon
yon jou nou tout ap transfomé an zombi de tout fason nou deja zombi
paské nan televizion du monde entier depi yo palé de zombi se Ayiti

esprit du mal?

Ce n'est pas pour moi...

Sa ki pi rèd la gen yon seri de Ayisyen tout la jounen ou tandé blan sesi blan sela, ki koté yap viv depi des années nan péyi blan
la plipa de Ayisyen tro ipokrit, se bondié kap pini nou.
fok nou chanjé mantalité, divizion, Rankin, jalouzi,malefik
netoyé léspri nou pou yon vrè chanjman.

Patcheko..., November 7 2010, 11:40 AM

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >

 

Messages in this topic

Patcheko, sa ou di la gen anpil sens. Haitiens dro comence compren sa ki ap pase yo, sa ki ap pase Haiti san ke yo pa... read more >
Dieufaite St. Fleur, 7-Nov-10 1:12 pm

 

< Previous | Home | Next >