Felicitasyon Prézidan PréVal

< Previous | Home | Next >

chè ekselans Rene préval, mwen komanse poum felicite ou pou bon travay ke ou fè pou retire peyi dayiti nan sal te ye.ou merite ankourajman, paske ou pèmèt chak moun kap viv nan peyi a rale yon souf.
kom bagay yo te degenere, nou gen anpil bagay ki pou fè anko. sitou ki pou bay travay ou plis fos toujou.

konsa mwen menm ak tout oganizasyon nou ki rele ANAFASCH ki se asosyasyon Nasyonal fomatè pou lavansman seksyon kominal dayiti mande ou pou ou kontinye konsa pandan nap mache avek ou. E nou ankouraje ou pou pran desisyon a tan e mande tou reskonsab yo pou yo agi a tan kote yo tout dwe pran reskonsabilite yo pou ka diminye travay pa ou.Nap profite pou di ou tou travay sou zafè eleksyon endirek yo pou pa gen kriz enstitisyonel ki kapab aflebli pouvwa ou nan jou kap vini yo. ANAFASH ap konseye ou pou agi tou swit sou kesyon delegasyon yo ke nou konstate ki te dwe yon fos pou travay ou nan tout depatman yo ki ponko jan m rive chanje dapre nou nou panse ke nominasyon delegue nan depatman yo sa ap pèmet politik ou a pi byen chita kote wap gen moun ki konprann ou ki pou kontinye aksyon ou yo nan depatman yo. nap mande ou prese agi sou ka BRH la tou avan li tro ta.
nou konte sou bon konprann ou presidan nou panse ke ti mo sa yo ka ede ou
nou salye ou
nou renmen ou kenbe la pa lage nap priye pou ou

colbert Gentilhomme pou ANAFASCH

Colbert Gentilhomme, July 16 2007, 1:13 PM

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >