Lide Pou Chanje Mantalite Pep Ayisyen Ak Toulimen

< Previous | Home | Next >

Re: 11/06/10 AFP05679408

Toulimen Says...

Frem ou di tout sa ke mwen ta di e Ayisyen pap janmen rive konnen ki moun ki lenmi yo. Se menm moun ki fe kom si lap ede yo a e se li menm kap detwi yo anko. Moun rich an Ayiti ak kominote entenasyonal la kwe nan esklavay e se kolonizasyon neg nwe ki ka fe afe yo avanse e se sak fe nou nan kondisyon nou ye a. Baker pa yon Fidel Castro, li renmen restavek ak domestik menm jan ak Boujwa nan peyi meriken ebyen li pap ka banou yon pibon peyi. Gade blog sa se blog moun rich yo li ye pou ka kontrole sa nap di nan kont yo nan peyi etranje e Mevs bloke difizyon li an Ayiti e kijan yon moun kon Baker ki pot parol Mevz ka pale de progre le yo kite yon pep ap viv nan fe nwe.

Lide neg nwe yo se maryaj ak fanm boujwa ki enterese yo pou yo ka santi yo apateni ak klas moun rich apre yo kite pouvwa.

Nou mele e se yon lide revolisyone byen enstwi e edike tou ki ka fe nou transande o nivo etnik group nou an. Yon lide ki pap we koule po pou promote lot men yon lide ki ka kreye opotinite nan domen edikayon, rout, agrikilti, konstriksyon kay ak anpil lot biznis ki ka fe nou gen yon sale e yon dwa pou nou viv kom tout moun sou la te. Pwoblem nou se pa yon pwoblem de klas men se yon pwoblem de konsyans nasyonal e patriyotik ke nou pa genyen.

Nou ka toujou genyen moun rich ak pov men yon pov ki gen sa yo rele nesesite de baz poul viv san li pa regret ke li te Ayisyen.

Edikasyon ka fe li diferan ak yon lot men li gen dwa poul li viv kom tout moun. Manje pa dwe yon pwoblem pou li. Kay pou li domi pa dwe yon problem e li ka jwen yon ti travay pou li ede tet li ak fanmi li. Moun ki edike e enstwi tou pa dwe regret ke yo tale lekol paske yo pa rich men okontre yo ta dwe kontan ke lekol la fe yon diferans de yo menm ak pov yo e yo santi ke yo fye ke yo te Ayisyen tou. Se konsyans nasyonal ak patriyotik sila ke nou bezwen.

Se pa joure moun rich kap fe nou rezoud problem nou men se dialog konstriktif ak moun rich yo pou avanse koz peyi nou an ki pi bon.

Si mwen se te yon kandida mwen tap pale ak Baker e mwen tap li di ke depi 23 zan li itilize kouraj pep Ayisyen kom esklav pou anrichi peyi Meriken e Ayisyen pa gen respe devan Ameriken nan peyi etranje.

Mwen gen anpil respe pou li kom moun rich e li sanble ke li ta fe anpil bagay pou li fe peyi a avanse kom yon neg nwe po lanve jan li dekri tet li. Mwen ta pito we li kom premye minis pou netwaye administrasyon leta yo e avek Mirelande Manigat kom chef peyi a pou restore lod e dignite peyi Dayiti an Ayiti e a letrange tou. De neg po lanve sa yo ka pouse koz peyi nou an e kominote entenasyonal rasis yo tap pi kontan pou prete yo lajan pou avanse koz peyi Dayiti.

Ayiti ka avanse ak neg nwe po lanve paske yo pyeje adminitrasyon leta yo ak anpil vole kom kad administratif pou le yo pa sou pouvwa pou yo ka vole e lage peyi a nan lanfe.

Se sa pou nou konpran, Ayiti pa ka devlope si se pa neg nwe po lanve kap gouvene li. Konyo o pouvwa, boujwa kad administratif andedan leta ap sispan vole e peyi a ap mache.

Yon sel fason pou yon neg nwe devlope peyi a se revoke tout kad leta yo e rekomanse ak lot moun konpetan e kalifye ak yon nouvo kontra pou rekonstwi peyi a e si yo rete sou menn ansyen administrasyon an yo pap kapab kontwole leta. Se sa neg nwe dwe konnen avan yale an le tet leta peyi Dayiti...

Toulimen, November 5 2010, 12:45 PM

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >

 

Messages in this topic

Mwen we ou pa di li, deskripsyon ou an fit Madam Manigat. Li se sel Ayisyen ak yon konsyans nasyonal e patriyotik... read more >
Max L. Joubert, 5-Nov-10 8:42 pm
Bonjour, Caporal Toulimen PROBLEMES A LINTRONISATION(INAUGURATION) DU PREZI Michel Joseph Martelly,alias Sweet Micky... read more >
Psychologue Henri-claude Saint-fleur, 7-May-11 11:36 am
I Michel Martelly is a American citizen by naturalization, That means the Clintons are aware of this... read more >
Tripoli Factors, 7-May-11 12:30 pm
preval se yon imbesil ak yon vole. se kaka klairin li ye read more >
Jojo, 8-May-11 3:39 pm

 

< Previous | Home | Next >