Ann chanjé mantalité,pou yon denmen miyo

< Previous | Home | Next >

Allan Says...

Mpaka di non, mpaka di wi, sou sa ou di a, paské mwen pat wè ak jé mwen
sèl sa mwen konnen Apaid te fè pati gwoup 184 la, ki sové nou anba manch pilon Aristid, de tout fason jodia nou an 2010,epi fok ou pa blié prézidan épok sa wap palé la a se li menm ki mété Ayiti sou bounda, ki mété ladjè nan mitan pèp Ayisyen.

mpa bezwen al pi lwen ak ou mvlé fè ou konnen ke mte konnen lè Ayiti te dous malgré se nan bwa fouyé a nou te toujou al fè bezwen nou.

divizion ak jalouzi fè jodia nou pi mal passé tout pèp nan amerik la
poutan se péyi nou an ki te pèl antiy la.
diskriminasyon mété nou do a do sa kap palé de milat, sa kap palé de po klè
mwen wè sa se yon foli, si ou pa gen po nwè ou pa Ayisyen.

Prizon lakay gen 99,99 pou san nèg nwè é yo diw se milat kap bay lajan pou nèg fè dezod, kom nèg pa konn gou bouch yo sa fè yo gen pwoblèm pou yo dirijé yon ti péyi jodia ki ta dwé yon paradi sou tè, menm jan ak yon seri de ti antiy ki pa gen la djè ant patriot.

mpa milat se yon nèg nwè kém yé,mwen chwazi Baker paské se sèl kandidat ki gen sak rélé anvi de kréyé tout rès yo se yon bann moun kité la déja
ki pa janm fè anyen, pou ti moun ka ralé nan labou sité solèy sanm pa bezwen,
ampil nèg kap palé blan mal ap pasé jounen sou jounen nan yon seri anbasad, pou yo ka pati nan peyi blan.
yo toujou di Ayiti se lafrik de lamerik se pa manti, dim konbyen Avion Afriken ki te debaké pou poté nou sékou apré 12 janvié.

163 Ayisyen pati o senegal pou étidié sou demand Prézidan Wad, fok mwen di nou Ayisyen sa yo komansé ap ranmasé imiliation anba etidian senegal yo, ki di ke yo pap pèdi avantaj o depan des Haitiens
poum fè nou konprann se mantalité nèg nwè parèy mwen ki fè jodia lè wap gadé Lafrik nan majorité péyi yo, Haiti,ou mèt mété yo nan menm sak.

Se domaj nou paka fè konkirans ak pèsonn, paske nou pa klè

Baker se yon Ayisyen Natif Natal sou pliziè generasyon se li menm map voté tout sa ki vlé fè kon mwen an avan..

Patcheko..., November 5 2010, 12:16 PM

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >