Konsa Ayisyen Mechan

< Previous | Home | Next >

Mwen wè yon bagay ki pasé Ayiti nan potoprins la a, mpa rété ampil poum di ke mwen régrèt kem te nèg nwè,e mwen kwè se yonn nan rezon ki fè nou nan nivo nou yé a

mgadé mwen wè Ayisyen kap voyé roch deyè blan medecin san frontière, paské yap menmen yon seri de moun ki malad pou swanié nan lopital medecin san frontière
ki bo koté yon lékol, se wè pou nou ta wè ki jan moun yo ap epagné kout roch
pou yo wè si yo ta bay kek moun ki malad lavi

mpa bezwen alé pi lwen, sak vlé konprann ya konprann, ké ampil moun etranjé ki rantré an Ayiti pou édé moun kap soufri, yo fèl pa konpasion, fok mwen di nou gen yon seri de Ayisyen ki pa mérité pou moun riské vi ou pou yo, paské yo pi mal passé zannimo.

pèp sa a tèlman nan fè nwè map mandé ki lè lap soti nan bafon inbesilité sa a, msezi,msezi, msezi wè sa.mpa pansé si sa te ka fèt mwen wont.

Patcheko..., October 28 2010, 2:08 PM

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >