Wi, li lè pou nou pa mele tout bagay ak politik...

< Previous | Home | Next >

Reply to Msg 24635

Wi, li lè pou nou pa mele tout bagay ak politik, gouvènman an responsab se vre, men nou menm tout ayisyen, nou dwe kole zepòl pou'n wè sa pou'n fè pou peyi nou. menm lè kèk fwa gen bon sitwayen onèt ki konn vle bay sèvis volontè nan peyi a, san yo pa bezwen sink kòb nan men gouvènman an, men mou'n ki opoze ak chanjman yo toujou konprann ke mou'n sa a dèyè yon plas politik, swa prezidan oubye, depite, senatè.

Ayiti nan ka, fòk nou pa politize zafè kolera a souple, chache ede sa ki pa kapab yo, sa ki pa kab achte dlo pou yo bwè.

Mou'n kap vann dlo yo, pa profite moman an pou'n vann galon dlo yo pi chè, o kontrè se moman pou'n fè solidarite ak peyi a, ak pòv yo. Sitou mou'n ki nan kous prezidansyèl yo, se pou nou prouve vrèman nou ka fè kichòy pou peyi a, si'n ta pase nan kous la. Pa mete men anba manton nou pou nap grate'l ni pa souye figi'n pou laswè kap tonbe sou nou mete tèt nou ansanm pou chanje Ayiti kap pran kout pataswèl, chache konnen kote kolera a soti, ki mou'n ki vini ak virus la, oubyen si se dlo a ki bay li apre tout mou'n mouri sa yo ki filtre nan tè a eki pa antere, chache konnen.

Epi siveye machann kap vann atè yo nan mitan lari nan dlo sa'l yo. Legi'm ak fwi pa fè pou vann atè nan la bou. Mete sèvis sanitè pou rele koukourouj dèyè mou'n kap plede vann atè nan lari yo. Tout bagay sa yo gen mikròb. Li lè mezanmi pou'n pratike lijyè'n.Tout mou'n responsab fè lijyè'n bò kote'l rete ak nan lari, se pa gouvènman an ki responsab sa. Souke kò'n pa chita ap tann lòt peyi ki tout tan kap vi'n ede, epi ki pa gade nou kò'm mou'n tout bon men kò'm mandyan, parese.

Mete tèt nou ansanm pou'n sove patri a, ki an degraba.

Ou pa bezwen antre nan politik pou fè sa, men se devwa tout sitwayen anvè peyi'l.Mèsi.

Janine Alusma, October 26 2010, 12:45 PM

Topic: Haiti: Le gouvernement met-il en danger les citoyens? par Stanley Lucas

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >

 

Messages in this topic

Wi, li le pou nou pa mele tout bagay ak politik, gouvenman an responsab se vre, men nou menm tout ayisyen, nou dwe... read more >
Janine Alusma, 26-Oct-10 12:45 pm

 

< Previous | Home | Next >