Haïti pourquoi!

< Previous | Home | Next >

Mta renmen konnen kilè péyi sa ap fini nan zafè gouvènman pwovizwa, map mandé gwoup politik sa a ki fè konférans, ki mandé pou yon gouvènman pwovizwa pran rèn pouvwa nan péyi a.
Avan tranbléman tè a, ki koté yo té yé,Yo tout té la ap manjé sou fatra a trankilman, yo tout se yon bann té la déja, ki té nan pos sénatè, dépité ou lot
yo pat janm gen oken objektif pou soti péyi a nan salté li yé.

Sé pa jodi a map vin kwè nan nèg sa yo kap pwofité analfabèt pèp la kom zam pou anpéché tout sa kap fèt nan péyi a.

Déja nèg sa yo pa vlé pou Ayiti avansé,sé éléksyon an yo bézwen gaté,pèp Ayisyen kondané pou viv nan mizè ak jan depolitisyen sa yo, dépi Préval Bèlriv te fine pran désizyon kréyé CIRH aprè tranbléman tè a, nèg yo vin konnen, lajan don pou konstwi pèyi a pap tonbé nan men yo pou fè bing-bang tout moun anrajé.

Koté sa pou yon moun paka konprann nan la a
sé vré nan politik toujou gen dezako, men si éléksyon ap fèt, Prézidan an plas gen dwa poul prézanté yon kandida, nou pa oblijé voté pou li, ni pou gaté éléksyon an, nou dwé voté pou kandida ke nou fè konfians ki gen yon ideoloji pou sové entérè péyi ak pèp.

Jan de maskarad sa yo se ayiti sèlman pou jwen yo, pa janm gen anyen kap fèt nan péyi sa a pou pa genyen yon istwa.

Nan tout lot péyi éléksyon ap fèt, pa janm gen pwoblèm, an Ayiti toujou gen yon dézod total, politisyen voyé gwoup al krazé gwoup lot foli pouvwa fè yo bliyé si nou té fèt pou viv ansanm, ou gen dwa mouri paské ou pa gen menm chwa politik ak lot.

Vraiment n'importe quoi...Dommage pour Haïti Chérie

Peeter, September 20 2010, 4:53 AM

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >