Mr.president Rene kouraj pou lite kont koripte yo

< Previous | Home | Next >

mwen saliye w byen ba mr.Rene preval pou vale ou ak kouraj ou genyen, mwen te toujou ap espere jwenn youn moman espesyal pou m ta di w konbyen mwen kontan pou travay ou komanse fe nan peyi pa nou an ke papa desalin te mouri kite pou nou a, peyi ke se sou do mwen e nan ke mwen li ye, mwen anvi we peyi pa nou an ki pou chak ayisyen vini youn jou vivab pou nou, kote pap gen koripzyon, vole, piyage ak eksplote e gran manje, kote tout tret sa yo va jwenn penn yo kote yo dwe resevwa, menn jan ou te mansyone li mr. presidan nan diskou ou te fe jou 18 me kote ou te raple nou de ansyen tret sou desalin.pou sa mr Rene mwen santim kontan pou m ta rive viv kek moman nan peyi m nan lape, sekirite, ak fyete tout youn peyi tankou tout lot peyi seriye nan monn la.mwen se you etidyan nan medicin kap viv an repiblik dominiken, mwen vle viv nan peyi poum kab sispann pran imilyazyon lakay moun etranje.

Ou se fre pa m, epi pou mwen ou se pi gran presidan ayisyen ke mwen konnen nan tan pa m lan paske mwen gen selman 26san.

mesi pou tande, kouraj orevwa.

Jean Kenold Joseph, July 5 2007, 4:11 PM

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >